Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Jan 2:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Pa renmen mond lan ni bagay ki nan mond lan. Si yon moun renmen mond lan, lanmou Papa a pa nan li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen vye prensip k'ap mennen lemonn yo, li pa ka renmen prensip Papa a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt renmen lemonn, lamou Papa a pa reste nan li.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 2:15
15 Referans Kwoze  

Apre sa, dyab la mennen Jezi sou tèt yon mòn ki wo anpil, epi li montre l tout wayòm sou latè ak tout bèl bagay ki ladan yo.


Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès anmenmtan.


Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès anmenmtan.”


Si nou te moun lemonn, lemonn t ap renmen nou. Men paske nou pa moun lemonn epi se nan lemonn mwen te pran nou mete apa, se pou sa lemonn rayi nou.


Pa panse oubyen pa aji menm jan ak moun ki nan lemonn. Men, kite Bondye transfòme w, kite l ba w yon entèlijans nouvo. Konsa, ou va an mezi pou w konprann volonte Bondye: Sa ki bon, sa ki fè l plezi, sa ki san fay.


Lè m pale konsa, èske nou wè m sonnen tankou moun k ap chache fè moun plezi? Non, se Bondye m ap chache fè plezi! Si m t ap chache fè moun plezi, mwen pa t ap yon sèvitè Jezikris.


Wi, se vre, lontan lavi nou te plen ak peche. Nou t ap viv jan lemonn viv. Nou t ap fè volonte lespri k ap dirije pouvwa mechan yo ki nan lè a. Se li menm k ap travay nan lavi moun k ap dezobeyi Bondye yo.


Lanmou pou lajan lakoz tout kalite move bagay. Gen kèk moun ki gen tan ale byen lwen lafwa, paske yo toujou vle gen plis lajan. Men yo mete pwòp tèt yo nan anpil latwoublay.


Adorasyon Bondye vle a, men li: Pran swen òfelen yo ak vèv yo ki nan bezwen epi kenbe tèt ou pou w pa tonbe anba enfliyans mond lan. Se bon jan adorasyon kon sa Bondye aksepte.


Nou pa fidèl ak Bondye! Nou ta dwe konnen sa, lè nou renmen bagay ki nan mond lan, otomatikman nou rayi Bondye. Konsa, tout moun ki vle zanmi ak mond sa a, li vin lènmi ak Bondye.


Nenpòt moun ki genyen richès mond lan epi ki wè frè l oubyen sè li nan bezwen san kè l pa touche, kijan yon moun kon sa kapab di lanmou Bondye rete nan li?


Yo menm se nan mond lan yo soti, se poutèt sa y ap pale tankou mond lan epi mond lan koute yo.


Moun ki kwè nan Pitit Bondye a genyen temwayaj la nan li menm menm. Moun ki pa kwè Bondye fè l tounen yon moun k ap bay manti paske li pa kwè nan temwayaj Bondye rann pou Pitit li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite