Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Jan 2:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 M ap ekri nou lèt sa a, papa yo, paske nou konnen moun ki egziste depi nan kòmansman an. M ap ekri nou, nou menm ki jèn, paske nou gen viktwa sou move dezi nou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou kraze dyab la. M'ap ekri nou, nou menm timoun, paske nou konn Papa a.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 M ap ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. M ap ekri nou jenn nonm yo, paske nou te vin gen viktwa la sou sila ki mechan. Mwen te ekri nou ti moun yo, paske nou konnen Papa a.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 2:13
36 Referans Kwoze  

Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye pi byen, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye pi byen nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.


Grenn ki tonbe nan granchemen an se moun ki tande mesaj konsènan wayòm nan epi li pa konprann li. Dyab la pase touswit li ranmase ti grenn ki te simen an, l ale avè l.


Jaden an reprezante lemonn antye. Bon grenn nan, se moun ki fè pati wayòm Bondye a. Zèb la se tout moun Satan yo.


Lè se wi ou vle di, annik di wi. Lè se non ou vle di, annik di non. Nenpòt ti diplis ou ajoute se pawòl dyab la.


Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.


Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m tou. Epi depi kounye a, nou konnen l epi nou gentan wè l.”


Jezi di l: “Pou tanndat mwen avèk nou epi w pa konnen m, Filip! Moun ki wè m se Papa a li wè, kijan w fè di pou m montre w Papa a?


Yo va aji kon sa paske yo pa konnen ni mwen ni Papa m.


Mwen di nou sa pou n ka gen kè poze nan mwen menm. Nan mond sa n ap pase anpil tray. Men pran kouray, mwen gen laviktwa sou lemonn.”


Papa, m ap priye pou tout moun ou ban mwen yo fè youn. Menm jan ou menm, ou nan mwen, mwen nan ou, se pou yo fè yon sèl nan nou. Konsa moun ki nan lemonn kapab kwè se ou menm ki voye m.


Lavi etènèl se lè yon moun konnen w kòm sèl vrè Bondye, epi lè l konnen Jezikris, moun ou voye a.


Moun yo mande l: “Ki kote Papa w ye?” Jezi reponn yo: “Nou pa konnen m, nou pa konn Papa m. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m.”


Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.” Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.


Pa pale di ak granmoun gason yo. Men pale avè yo menm jan ak papa w. Mesye ki pi jèn yo, pale avèk yo menm jan ou ta pale ak frè w.


Menm jan an tou, di jenn gason yo, yo dwe byen panse sou jan y ap mennen lavi yo.


Nou vle pale w de Pawòl ki bay lavi a, sila a ki te la okòmansman an. Se li menm nou te tande epi nou te wè ak pwòp je nou. Nou te wè kijan l te aji, epi men nou te touche l.


Ti moun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Men si yon moun ta peche, nou genyen Jezikris pou ede nou. Li toujou fè sa ki dwat, kon sa l ap defann nou devan Bondye Papa a.


M ap ekri nou lèt sa a, pitit mwen yo, paske peche nou yo padone poutèt non Kris la.


Mwen ekri nou lèt sa a, timoun mwen yo, paske nou konnen Papa a. Mwen ekri nou papa yo, paske nou konnen sila a ki egziste depi nan kòmansman an. Mwen ekri nou lèt sa a, moun ki jèn yo, paske nou gen fòs. Pawòl Bondye a rete nan nou, epi tou nou gen viktwa sou move dezi nou yo.


Se pa pou nou fè menm jan ak Kayen ki te soti nan Satan. Se sa k fè li te touye frè li. Epi pou kisa li te touye l? Paske bagay li t ap fè yo pa t bon, men sa frè li t ap fè yo te bon.


Pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou gen tan ranpòte laviktwa sou fo pwofèt yo. Paske moun nan ki nan nou an, li pi puisan pase sa ki nan mond lan.


Nou konnen nenpòt moun ki pitit Bondye pa chita ap fè peche. Paske Pitit Bondye a ap veye sou li. Satan pa gen dwa touche l.


Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la.


Yo ranpòte laviktwa sou li gras ak pouvwa san sakrifis Ti Mouton an ansanm ak mesaj Bondye a yo t ap pote bay moun yo. Yo pa t renmen pwòp tèt yo twòp pou ta fè yo pè lanmò.


Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa, m ap ba l dwa pou l al manje fwi pye bwa lavi a ki nan paradi Bondye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite