Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Zakari 4:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li te di m: “Kisa ou wè?” Mwen te di: “Mwen te wè e vwala, yon chandelye ki fèt nèt an lò, avèk bòl li sou tèt li, ak sèt lanp li yo. Gen sèt bobèch pou chak lanp ki sou li yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Li di m konsa: — Sa ou wè la a? Mwen reponn li: — Mwen wè yon lanp sèt branch an lò ki kanpe atè. Li gen yon gwo bòl nan tèt li, avèk sèt lanp sou rebò bòl la. Chak lanp gen sèt bòbèch pou sèt mèch.

Gade chapit la Kopi




Zakari 4:2
19 Referans Kwoze  

epi lò pou baz chandelye an lò yo avèk lanp pa li yo; epi ajan a baz chandelye an ajan yo, avèk pwa a chak baz avèk lanp pa li yo selon sèvis a chak chandelye;


Chak maten e chak swa, yo brile bay SENYÈ a ofrann brile avèk lansan santi bon, pen konsakre ki sou tab pwòp, e chandelye a avèk lanp li yo pou limen chak swa; paske nou kenbe chaj a SENYÈ a, Bondye nou an, men ou te abandone Li.


Li te fè dis chandelye an lò selon òdonans ki te etabli yo e li te plase yo nan tanp lan, senk sou bò dwat la e senk sou bò goch la.


Sonje Li avan kòd ajan an kase, e bòl an lò a kraze kivèt dlo la kote pwi a vin fann, e wou sitèn nan vin kraze.


Konsa, SENYÈ a te di m: “Kisa ou wè, Jérémie?” Mwen te reponn: “Fig etranje yo, bon fig etranje yo, byen bon, ak move fig etranje yo, byen move, ki pa ka manje akoz yo pouri.”


Anplis, chèf kò gad la te retire bòl yo, plato sann yo, basen yo, po yo, chandelye yo, sa ki te fèt an lò fen ak sa ki te fèt an ajan fen.


SENYÈ a te di m: “Se kisa ou wè, Amos?” Mwen te di: “Yon filaplon.” Konsa, Senyè a te di: “Gade byen, Mwen prèt pou plase yon filaplon nan mitan pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap kite yo chape ankò.


Konsa, li te di mwen: “Kisa ou wè la a?” Mwen te reponn: “Mwen wè yon liv woulo k ap vole anlè; longè li se ven koude, e lajè li se dis koude.”


Alò, mwen te vire pou wè vwa ki t ap pale avè m nan. Epi nan vire, mwen te wè sèt chandelye ki fèt an lò.


Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”


Sòti nan twòn nan se te gwo kout ekleraj, gwo son loraj, ak gwo kout tonnè. Konsa, te gen sèt lanp dife ki t ap brile devan twòn nan, ki se sèt Lespri Bondye yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite