Zakari 2:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen4 Li te di li: “Kouri pale ak jennonm sa a, pou di l: ‘Jérusalem va vin plen moun tankou vilaj ki san miray, akoz kantite moun ak bèt k ap rete ladann. Gade chapit la1998 Haïtienne4 Premye zanj lan di dezyèm lan: — Kouri al di jenn gason ou wè ak chenn nan men l lan: sitèlman pral gen moun ak bèt nan lavil Jerizalèm, yo p'ap bezwen bati miray pou fèmen l. Gade chapit la |
Nan jou sa a, Mwen va fè chèf Juda yo vin tankou yon gwo boukan dife pami mòso bwa yo, ak yon tòch k ap fè flanm dife pami pakèt sereyal yo. Yo va devore tout pèp ki ozanviwon yo, ni sou men dwat yo, ni sou men goch yo, pandan sila ki rete Jérusalem yo, va toujou demere nan pwòp lye pa yo Jérusalem.