Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Zakari 13:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Lè yon moun va pwofetize, alò, papa l ak manman l ki te fè l la va di li: ‘Ou p ap viv, paske ou pale sa ki fo nan non SENYÈ a.’ Konsa, papa li ak manman li ki te fè l la, va fwennen l lè li pwofetize.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Konsa, si yon moun vle pou l bay mesay ki sòti nan Bondye, papa l ak manman l ki fè l va di se pou l mouri, paske li pran pòz se mesay ki sòti nan Bondye, Senyè a, l'ap bay, epi se pa vre, se manti l'ap bay. Pandan l'ap bay mesay la, papa l ak manman l ki fè l la va pèse l.

Gade chapit la Kopi




Zakari 13:3
13 Referans Kwoze  

“Mwen te tande sa pwofèt ki fè fo pwofesi nan non Mwen yo te di. Y ap di: ‘Mwen te fè yon rèv, mwen te fè yon rèv!’


Epi pou pwofèt la, prèt la oswa pèp la ki di: ‘Pòt pawòl SENYÈ a’, Mwen va mennen pinisyon sou moun sila a ak lakay li.


Epi Jérémie, pwofèt la, te di a Hanania, pwofèt la: “Koute koulye a, Hanania, SENYÈ a pa t voye ou e ou te fè pèp sa a kwè nan yon manti.


pou sa, nou p ap fè fo vizyon ankò, ni pratike divinasyon. Mwen va delivre pèp Mwen an sòti nan men nou. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”


“Men si pwofèt sila vin twonpe, epi pale yon pawòl, se Mwen menm, SENYÈ a, ki te fè pwofèt sa a vin twonpe. Konsa, Mwen va lonje men M kont li pou detwi li soti pami pèp Mwen an, Israël.


Li te di mwen: “Fis a lòm, sa se plas pou twòn Mwen an, ak plas machpye Mwen an, kote Mwen va demere pami fis Israël yo jis pou tout tan. Lakay Israël p ap souye non sen Mwen an ankò, ni yo menm ni wa yo, pa zak pwostitisyon yo, e pa kadav a wa yo lè yo fin mouri,


Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen.


“Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.


Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò.


Men pwofèt ki pale yon mo avèk awogans nan non Mwen, mo Mwen pa t kòmande li pale, oswa ke li pale nan non a lòt dye yo, pwofèt sila a va mouri.’


Li te di de papa l avèk manman l: “Mwen pa t wè li.” Li pa t rekonèt pwòp frè pa li, ni fis li yo pwiske yo te swiv pawòl Ou e te kenbe akò Ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite