Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Zakari 1:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Konsa, yo te reponn zanj SENYÈ, ki te kanpe pami pye Jasmen yo. Yo te di: “Nou te fè patwouj sou tè a e gade byen tout tè a kalm. Li gen lapè.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Chwal yo pale ak zanj Bondye a ki te kanpe nan mitan pye jasmen yo, yo di l konsa: — Nou te ale toupatou sou latè. Nou te wè tout moun chita byen dousman lakay yo, san bri san kont.

Gade chapit la Kopi




Zakari 1:11
16 Referans Kwoze  

SENYÈ a te di a Satan: “Depi kibò ou sòti?” Konsa, Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè a, e mache toupatou sou li.”


Cha Bondye yo anpil sou milye dè milye. Senyè a pami yo sòti Sinaï, nan sentete Li.


Tout latè gen repo e rete kalm. Yo eklate ak chante kè kontan yo.


Konsa, li te di: “Èske ou pa konprann poukisa mwen te vin kote ou a? Men mwen va retounen koulye a, pou goumen kont prens a Perse la. Lè mwen ale, gade byen prens a Grèce la va vini.


Epi nonm ki te kanpe pami pye Jasmen yo te reponn. Li te di: “Sa yo se sila ke SENYÈ a te voye pou fè patwouj sou latè.”


Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an.”


Mwen t ap gade pandan nwit lan e vwala, yon nonm te monte sou yon cheval wouj. Li te kanpe pami pye Jasmen ki te nan ravin yo, e dèyè li, te gen cheval wouj, cheval alzan ak cheval blan.


Konsa, cheval ki dyanm yo te ale. Yo te sòti pou yo ta ka mache ale retou sou tout latè. Konsa, yo te mache ale retou sou latè a.


Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste.


Konsa sa ap ye nan fen tan yo. Zanj yo ap tou parèt e y ap fè triyaj mechan yo pami jis yo.


“Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a.


Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.


epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo.


Revelasyon a Jésus Kri, ke Bondye te bay Li pou montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite