Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 7:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Nan tan sa a yo te fè yon jenn bèf. Yo te pote yon sakrifis pou zidòl la, e yo t ap rejwi yo nan zèv a pwòp men yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

41 Lè sa a, yo fè estati yon ti towo bèf, epi yo fè sakrifis bèt bay zidòl la. Yo te kontan pou sa yo te fè ak men yo a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Konsa, yo fè yon zidòl ki gen fòm yon towo bèf. Apre sa, yo ofri sakrifis bay zidòl la. Se pa ti kontan yo te kontan pou zidòl yo te fè ak pwòp men pa yo a.

Gade chapit la Kopi




Travay 7:41
11 Referans Kwoze  

Menm lè yo te fè pou kont yo yon ti bèf an metal fonn, yo te di: ‘Sa se Bondye nou, ki te mennen nou monte soti an Egypte la’, epi te fè gran blasfèm,


Pa rejwi, O Israël, ak lajwa kon nasyon yo! Paske ou te fè pwostitisyon. Ou te abandone Bondye ou a. Ou te renmen salè kòb ki konn ranmase sou nenpòt glasi vannen.


Mwen te twouve Israël tankou rezen yo nan dezè. Mwen te wè papa zansèt nou yo tankou premye fwi sou pye fig nan premye sezon li. Men yo te rive kote Baal-Peor; yo te konsakre tèt yo a gwo wont, e yo te vin abominab menm jan ak sila ke yo te renmen a.


Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite