Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 6:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Epi sila yo te mennen devan apòt yo, e lè yo te fin fè lapriyè, yo te poze men sou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Yo mennen yo bay apòt yo. Apòt yo lapriyè epi yo mete men sou tèt yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Yo prezante mesye yo devan apot yo. Apot yo lapriyè epi yo mete men sou tèt mesye yo.

Gade chapit la Kopi




Travay 6:6
14 Referans Kwoze  

Konsa SENYÈ a te di a Moïse: “Pran Josué, fis a Nun nan, yon nonm nan sila Lespri a rete a, e poze men ou sou li.


Ou va prezante Levit yo devan SENYÈ a. Fis Israël yo va poze men yo sou Levit yo,


Li te sipliye Li byen fò e te di: “Tifi mwen an prèt pou mouri. Silvouplè, vin poze men Ou sou Li pou li kapab vin geri e viv.”


Yo te priye, e te di: “Ou menm, Senyè ki konnen kè tout moun, montre nou kilès nan de zòm sa yo Ou chwazi a,


Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te poze men sou yo e te voye yo ale.


Pandan Paul te poze men l sou yo, Lespri Sen an te vini sou yo, e yo te kòmanse pale avèk lang ak pwofetize.


Alò, yo te mete men sou yo, epi yo te resevwa Lespri Sen an.


Li gen tan wè deja nan yon vizyon yon mesye ke yo rele Ananias antre pou poze men l sou li, pou l wè ankò.”


Konsa, Ananias te sòti. Li te antre nan kay la, e lè l fin poze men l sou li, li te di: “Frè Saul, Senyè Jésus a ki te parèt devan ou nan wout la lè ou t ap vini an, Li voye m pou ou kapab wè ankò e pou ou kapab ranpli avèk Lespri Sen an.”


Alò, Josué, fis a Nun nan, te ranpli avèk lespri sajès la, paske Moïse te poze men l sou li. Pou sa, fis Israël yo te koute li e te fè jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.


Pa poze men sou okenn moun twò vit, e konsa vin pataje nan peche a lòt yo. Kenbe tèt ou lib de peche.


Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.


lenstriksyon sou lave ak poze men yo, rezirèksyon a mò yo ak jijman etènèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite