Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 6:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa, yo te soulve pèp la, ansyen yo ak skrib yo. Yo te sezi li, e te trennen li pou mennen l devan konsèy la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Se konsa, yo moute tèt pèp la ansanm ak chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo. Y'al kot Etyèn, yo mete men sou li, yo trennen l devan Gran Konsèy la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Konsa, Jwif yo resi monte tèt ni pèp la, ni chèf fanmi yo, ni doktè lalwa kont Etyèn. Yo vin fache kont li. Y al kote Etyèn te ye a, yo poze lapat sou li epi yo mennen l vin devan Gran Konsèy la.

Gade chapit la Kopi




Travay 6:12
15 Referans Kwoze  

Yon nonm ki kolerik pwovoke konfli; men sila ki lan nan kòlè a kalme yon kont.


Sila ki te sezi Jésus yo te mennen L ale pou wè Caïphe, gran prèt la, kote skrib yo avèk lansyen a pèp yo te gen tan rasanble.


Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.


Nan youn nan jou ke Li t ap enstwi pèp la nan tanp lan, e preche bòn nouvèl la, chèf prèt yo avèk skrib yo avèk ansyen yo te vin parèt devan Li.


Men Jwif yo te chofe fanm fidèl yo, ak chèf ki t ap dirije vil yo, pou fòmante yon pèsekisyon kont Paul ak Barnabas, e te chase yo deyò teritwa yo.


Men Jwif ki pa t kwè yo te boulvèse lespri pèp etranje yo, e te vin fè yo vin egri kont frè fidèl yo.


Men lè Jwif Thessalonique yo te vin konprann ke pawòl Bondye a te pwoklame pa Paul nan Bérée, yo te vini la osi pou yo ajite ak chofe foul la.


Men pandan Gallion te pwokonsil Achaië Jwif yo avèk yon sèl vwa te leve kont Paul, e te mennen l devan chèz jijman an.


Lè sèt jou yo te prèske fini Jwif Asie yo, lè yo te wè l nan tanp lan, te kòmanse soulve foul la pou mete men sou li.


Yo te mete men sou apòt yo, e te mete yo nan yon prizon piblik.


Lè yo te mennen yo, yo te fè yo kanpe devan konsèy la pou wo prèt la kesyone yo.


Alò, an sekrè yo te fè moun yo di: “Nou tande li pale pawòl blasfèm kont Moïse ak kont Bondye”.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite