Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 4:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo te vann yo e pote benefis a vant lan bay,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

34 Pèsonn nan mitan yo pat nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan an

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

34 Pa t gen pèsonn ki te nan nesesite nan mitan yo. Sa k te gen tè osinon kay te van yo epi yo pote lajan an vini.

Gade chapit la Kopi




Travay 4:34
14 Referans Kwoze  

Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”


Jésus te byen gade li. Li te gen yon lanmou pou li. Li te di l: “Yon bagay ou manke; ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e ou va gen richès nan syèl la. E konsa, vin swiv Mwen.”


“Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi.


“Mwen di nou: “Fè zanmi pou tèt nou pa mwayen a richès enjis yo; pou lè l echwe, yo kapab resevwa nou nan kay ki etènèl yo.


Li te di yo: “Lè Mwen te voye nou deyò san bous, ni sak, ni sapat la, nou pa t manke anyen; se pa sa?” E yo te di: “Non, anyen”.


Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak.


te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.


Nan tan prezan sila, abondans nou la pou satisfè bezwen pa yo, pouke abondans pa yo osi kapab vin yon sous pou bezwen pa nou, pouke kapab gen egalite.


“Paske SENYÈ a te beni nou nan tout sa nou te fè. Li te konnen tout vwayaj nou yo nan gran dezè sila a. Pandan karantan sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te avèk nou. Nou pa t manke anyen.”


Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.


Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.


Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou a se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite