Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 4:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 “Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Pa gen delivrans nan pyès lòt moun, eksepte nan Jezi sèlman. Paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre moun. Se Jezi sèl ki ka delivre nou.”

Gade chapit la Kopi




Travay 4:12
19 Referans Kwoze  

Dlo a te vin monte plis toujou sou tè a, jis tout mòn toupatou anba syèl la te vin kouvri.


Kilès ki te ban Mwen yon bagay pou M ta rekonpanse li? Tout bagay anba tout syèl la se pa M.


Mwen va fè non Ou sonje nan tout jenerasyon yo. Akoz sa, tout pèp yo va bay Ou remèsiman pou tout tan e pou tout tan.


Li va fè yon fis, epi ou va rele li Jésus paske se Li menm ki va sove pèp li a de peche yo.”


Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem.


Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.


Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila li ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakolè Bondye va rete sou li.


“Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj sali sila a voye.


Alò, te gen Jwif ki t ap viv Jérusalem; lèzòm fidèl jwif ki te sòti nan tout nasyon anba syèl la.


Paske pèsòn pa kapab poze okenn lòt fondasyon sof ke sila ki poze deja a, ki se Jésus Kri.


Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.


Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la.


kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa? Aprè sa te fin pale pa Senyè a, li te vin konfìme pou nou pa sila ki te tande yo.


Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite