Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 27:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Pwochen jou a nou te antre kote Sidon. Julius te byen trete Paul e te pèmèt li ale bò kote zanmi li yo, kote li te resevwa swen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Nan denmen nou rive lavil Sidon. Jiliyis te boule byen ak Pòl, li te ba l pèmisyon pou l'al wè zanmi l yo pou l'al chache sa l te bezwen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Nan denmen, nou rive lavil Sidon. Jiliyis te byen trete Pòl epi li te ba li libète pou l al vizite zanmi l yo laba a, kote yo te bay Pòl tout sa l te bezwen.

Gade chapit la Kopi




Travay 27:3
12 Referans Kwoze  

Canaan te vin papa Sidon ki te premye ne a, avèk Heth;


Zabulon va demere bò lanmè; li va yon pwotèj pou gwo bato yo. Lizyè l va ak Sidon.


Li fin di: “Ou p ap leve tèt ou wo ankò, O vyèj kraze Sidon nan! Leve, travèse Chypre; menm la, ou p ap jwenn repo.”


epi osi vè Hamath, ki nan lizyè li a; Tyr ak Sidon paske yo saj anpil.


Malè a ou menm, Chorazin! Malè a ou menm, Bethsaïda! Si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Tyr ak Sidon, yo t ap gen tan repanti lontan avèk rad sak ak sann.


Alò, Hérode te byen fache avèk moun Tyr ak Sidon yo. Men yo te vin kote l ansanm lè yo te fin fè zanmi avèk Blaste, asistan pèsonèl a wa a, yo t ap fè demann lapè, akoz ke peyi pa yo te resevwa, manje nan men a peyi wa a.


Answit Li te bay lòd a santenye a pou l retire l nan gadavi a, men avèk yon sèten libète, e pa anpeche okenn nan zanmi li yo sèvi li.


Lè yo te deside ke nou ta pran vwal pou Italie, yo te pwosede livre Paul avèk kèk lòt prizonye bay yon santenye ki manm nan kowòt Auguste la, ki te nome Julius.


Men santenye a ki te vle fè Paul rive sof, te anpeche entansyon yo a, e te kòmande ke sila ki te kapab naje, vòltije nan lanmè a avan pou naje rive atè,


Lè nou te antre Rome, Paul te jwenn pèmisyon pou rete pou kont li, avèk sòlda ki t ap veye l la.


avèk Ébron, Rehob, Hammon, ak Cana, jis rive nan Gran Sidon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite