Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 27:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Akoz pò a pa t bon pou pase sezon livè a, majorite a te rive a yon desizyon pou retounen sou lanmè a pou wè si yo ta kab rive Phoenix, yon pò nan Crète, anfas sidwès ak nòdwès pou pase sezon livè a la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Pò a pa te bon pou yo te rete pase sezon fredi a tou: se poutèt sa, pifò moun ki te abò a te vle pati. Yo t'ap pran chans rive Feniks, yon lòt pò nan zile Krèt la ki bay sou lanmè nan direksyon sidwès nòdwès. Konsa yo ta ka pase sezon fredi a la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Poutèt zòn s a pa t yon zòn kote yo te kapab pase sezon livè a, pi fò nan mesye yo te deside leve lank pou eseye rive nan yon pò yo rele Feniks. Se te yon pò nan zòn Krèt ki te bay sou Sidwès ak Nòdwès. Se la yo te panse pase sezon livè a.

Gade chapit la Kopi




Travay 27:12
8 Referans Kwoze  

Konsa, yo te kontan akoz yo te kalme, e Li te gide yo pou rive nan pò ke yo te pito a.


Crétois ak Arabe yo, Nou tande yo nan pwòp lang pa nou, k ap pale tout zèv pwisan Bondye yo!”


Lè yon van sid byen modere te vin parèt, avèk kalkil la ke yo vin reyisi plan an, yo leve lank bato a, e yo te kòmanse pran vwal pou swiv Crète, toupre kot la.


Lè yo te fin fè anpil tan san manje, Paul te kanpe nan mitan yo e te di yo: “Mesye yo, nou te dwe swiv konsèy mwen an pou nou pa pran lanmè a soti Crète pou envite fè rive donmaj ak pèt sila yo.


Nou te navige byen lantman pandan anpil jou, epi avèk difikilte te rive akote Nid, akoz ke van pa t pèmèt nou ale pi lwen. Akoz sa nou te pran vwal anba pwoteksyon Crète la, toupre Salmone.


Konsa, avèk difikilte, nou te vwayaje pou rive a yon sèten kote ke yo te rele Beau-Ports, toupre lavil Lasea a.


Youn nan yo, yon pwofèt de pèp yo menm te di: “Moun Crète yo se toujou mantè yo ye, bèt mechan, parese ki manje twòp”.


Pou rezon sa a, mwen te kite ou Crète, pou ou ta kapab mete nan lòd bagay ki potko fèt yo, e chwazi ansyen yo nan chak vil selon jan mwen te dirije ou a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite