Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 26:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Pwomès pou sila douz tribi yo gen esperans wè reyalize, pandan yo rete fidèl nan sèvi Bondye lajounen ak lannwit. Se pou esperans sa a, o Wa, mwen akize pa Jwif yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Se menm pwomès sa a douz branch fanmi nou yo ap tann lè y'ap sèvi Bondye san rete, lajounen kou lannwit. Se pou menm pwomès sa a jwif yo ap akize mwen, monwa.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Se menm pwomès sa a tout douz tribi yo nan pèp nou an espere resevwa. Se pou pwomès sa a Jwif yo sèvi Bondye lajounen tankou lannuit. Wa Agripa, se pou menm pwomès sa a Jwif yo ap akize m.

Gade chapit la Kopi




Travay 26:7
19 Referans Kwoze  

Yo te ofri pou dedikasyon tanp Bondye sila a san towo, de-san belye, kat-san jenn mouton, e kon ofrann peche pou tout Israël la, douz mal kabrit ki te koresponn a non tribi Israël yo.


Moun egzil ki te sòti an kaptivite yo te ofri ofrann brile a Bondye Israël la: douz towo pou tout Israël, katre-ven-sèz belye, swasann-dis-sèt jenn mouton, douz mal kabrit kon ofrann peche. Yo tout te kon yon ofrann brile a SENYÈ a.


nou menm ki kanpe lakay SENYÈ a, nan lakou lakay SENYÈ nou an!


Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke nou ki te swiv Mwen yo, nan tan renouvèlman tout bagay la, lè Fis a Lòm nan vin chita sou twòn Li nan tout glwa Li, nou menm tou, n ap chita sou douz twòn pou jije douz tribi Israël yo.


Konsa, te gen yon mesye Jérusalem ki te rele Siméon. Mesye sa a te jis e devwe. Li t ap chache konsolasyon Israël, epi Lespri Sen an te sou li.


pou nou kapab manje e bwè sou tab Mwen nan wayòm Mwen an. Konsa, nou va chita sou douz twòn yo pou jije douz tribi Israël yo.


Konsa, rete vijilan. Byen sonje ke pou yon dire a twa zan, lannwit kon lajounen mwen pa t sispann egzòte nou avèk dlo nan zye m.


Mwen posede yon esperans nan Bondye, ke moun sa yo osi konsidere presye, ke an verite, va gen yon rezirèksyon ni pou sila ki jis yo ak sila ki enjis yo.


“Konsènan tout bagay ke mwen akize pa Jwif yo, mwen konsidere ke mwen gen gwo chans, Wa Agrippa, pou m kapab fè defans mwen devan ou jodi a;


Sitou paske ou se yon ekspè nan tout koutim ak kesyon pami pèp Jwif yo. Pou sa, mwen mande w pou koute mwen avèk pasyans.


Pou rezon sa a, donk mwen te mande wè nou pou pale avèk nou, paske mwen ap pote chenn sa a pou lespwa Israël la.”


pou m ta kapab rive menm nan rezirèksyon a lanmò a.


Antretan lajounen kou lannwit, nou kontinye ap priye fò pou nou kab wè figi nou, e pou nou kapab konplete sa ki manke nan konnesans lafwa nou.


Alò, sila ki vrèman yon vèv, e ki kite sèl la, fikse tout espwa l sou Bondye e kontinye nan siplikasyon ak lapriyè lajounen kon lannwit.


Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite