Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 26:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Sitou paske ou se yon ekspè nan tout koutim ak kesyon pami pèp Jwif yo. Pou sa, mwen mande w pou koute mwen avèk pasyans.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Ou menm ou konnen tout koutim jwif yo ansanm ak kalite kèsyon yo renmen diskite yo byen. Tanpri souple, pran yon ti pasyans pou koute mwen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Mwen kontan, paske ou menm ou gen anpil konesans sou koutim Jwif yo ansanm ak tout bann kesyon yo renmen diskite yo. Silvouplè, pran yon ti pasyans pou tande m.

Gade chapit la Kopi




Travay 26:3
13 Referans Kwoze  

Alò, mwen te pran papye vant lan, ansanm ak kopi ki te fèmen anba so a, tout tèm ak kondisyon vant yo, ak kopi a ouvri.


Konsa, yo konn tande de ou, ke w ap enstwi tout Jwif k ap viv pami pèp etranje yo pou renonse a Moïse, e k ap pale yo pou yo pa sikonsi pitit yo, ni pou yo pa mache selon koutim nou yo.


Lè gouvènè a te fè l sinyal pou l pale, Paul te reponn: “Byen konesan, ke depi anpil ane, ou se yon jij nan nasyon sila, se avèk jwa ke m ap fè defans mwen.


Men pou m pa fatige ou plis, mwen mande w pou pèmèt nou nan bonte ou, pou tande nou an brèf.


“Deja mwen pa gen anyen definitif pou ekri a mèt mwen. Donk mwen mennen li devan nou tout, e espesyalman devan ou, Wa Agrippa, pou lè ankèt la fèt, pou mwen kapab gen yon bagay pou m ekri.


“Konsènan tout bagay ke mwen akize pa Jwif yo, mwen konsidere ke mwen gen gwo chans, Wa Agrippa, pou m kapab fè defans mwen devan ou jodi a;


Paske Wa a okuran de tout bagay sila yo, e mwen pale ak li osi avèk konfyans, akoz ke m konvenk ke anyen nan bagay sila yo pa kapab chape anba atansyon li, akoz ke nanpwen anyen ki fèt nan yon kwen.


Pwomès pou sila douz tribi yo gen esperans wè reyalize, pandan yo rete fidèl nan sèvi Bondye lajounen ak lannwit. Se pou esperans sa a, o Wa, mwen akize pa Jwif yo.


Apre twa jou Paul te rele ansanm moun ki te pi enpòtan pami mesye Jwif yo. Lè yo te vin ansanm, li te kòmanse ap di yo: “Frè yo malgre mwen pa t fè anyen kont pèp nou an, oubyen koutim zansèt nou yo, konsa, mwen te livre kòm prizonye soti Jérusalem nan men Women yo.


Paske nou konn tande li di ke Nazareyen sila a, Jésus, va detwi plas sila a e chanje koutim ke Moïse te bannou yo.”


Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.


“Alò, li va rive ke lè li chita sou twòn wayòm li an, li va ekri pou tèt li yon kopi de lwa sila a sou yon woulo papye, nan prezans prèt Levit yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite