Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 26:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Men leve kanpe sou pye ou. Se pou rezon sa ke m te parèt kote ou; pou nome ou kòm yon sèvitè ak yon temwen, non sèlman a bagay ke ou wè, men osi a bagay ke Mwen menm va fè vin parèt a ou menm;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Men, leve kanpe sou pye ou. Mwen fè ou wè m, se pou ou kapab sèvi mwen. Wi, ou pral sèvi m temwen, ou pral di lòt moun yo jan ou te wè m jòdi a epi w'a fè yo konnen tou sa m'a fè ou wè apre sa.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Kounye a, leve kampe! Mwen chwazi w pou sèvi m. Ou ap sèvi m temwen pou w pale ak moun de mwen, pou w pale sou sa ou wè jodi a ak sa m va montre w ankò. Se pou tèt sa m chwazi w.

Gade chapit la Kopi




Travay 26:16
34 Referans Kwoze  

Li te di mwen: “Fis a lòm, kanpe sou pye ou pou m ka pale avèk ou!”


Li te di mwen: “O Daniel, nonm ki trè byeneme a, konprann pawòl ke mwen va pale ou yo. Kanpe dwat! Paske mwen te voye kote ou koulye a.” Lè li te pale pawòl sa a, mwen menm, mwen te kanpe. Mwen t ap tranble.


jis jan ke yo te lonje bay a nou menm pa men a sila yo, ki depi nan kòmansman an te wè avèk pwòp zye yo, e kon sèvitè a pawòl la, te fè nou konnen yo.


Paske li te konte pami nou, e te resevwa pati pa li, nan èv sila a.


pou okipe èv apòt sila a ke Judas te vire kite pou ale nan pwòp plas li a.”


Men mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.


Apre li te salye yo, li te kòmanse pale youn pa youn, tout bagay ke Bondye te fè pami pèp etranje yo atravè ministè pa li a.


“Epi mwen te di: “Kisa pou m ta fè, Senyè?” “Senyè a te reponn mwen: ‘Leve, ale antre Damas. La ou va vin tande tout sa ki nome pou ou ta fè.’


Men nan nwit swivan an, Senyè a te kanpe akote l e te di: “Pran kouraj, paske menm jan ke ou temwaye seryezman e konplètman pou kòz mwen Jérusalem nan, menm jan an ou oblije temwaye nan Rome osi.”


“Konsa, mwen te reponn: ‘Ki moun Ou ye, Senyè?’ “E Senyè a te di: ‘Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a.


Men nou menm nou va dedye nou a lapriyè ak ministè a pawòl Bondye a.”


Pa Li menm nou te resevwa gras e te rele kòm apot pou fè parèt obeyisans lafwa a pami tout etranje yo pou koz Sen Non Li.


pou m kapab yon sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an.


Konsa, akoz ke nou gen ministè sa a, jan nou te resevwa mizerikòd la, nou pa dekouraje.


Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an.


Paske mwen pa t ni resevwa l soti nan lòm, ni mwen pa t enstwi pou li, men mwen te resevwa l atravè yon revelasyon a Jésus Kri.


Se te akoz yon revelasyon ke mwen te monte a. Epi konsa, mwen te soumèt devan yo menm levanjil ke mwen preche pami pèp etranje yo. Men mwen te fè sa an prive a sila ki te gen repitasyon yo, pou lakrent ke mwen ta ka petèt kouri, oubyen te kouri anven.


ke pa revelasyon mwen te vin konnen mistè a, sou ki mwen te deja ekri kèk mo a.


Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.


Sou legliz sila a mwen te fèt kòm yon sèvitè selon jesyon Bondye a, ki te plase sou mwen pou benefis pa nou, pou m ta kapab vin akonpli predikasyon pawòl Bondye a,


menm jan ke nou te aprann de Épaphras, sèvitè-atache, byeneme, parèy a nou an, ki se yon sèvitè fidèl an Kris sou pati pa nou,


Konsa, nou te voye Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou,


Mwen remèsye Kris Jésus Senyè nou an, ki te ranfòse mwen, paske Li te konsidere mwen fidèl e te mete m an sèvis:


Nan montre bagay sa yo a frè yo, nou va yon bon sèvitè a Kris Jésus, e nou va nouri tout tan nan pawòl lafwa ak bon doktrin ke nou deja ap swiv yo.


Men ou menm, rete tanpere nan tout bagay, sipòte difikilte yo, fè travay a yon evanjelis, akonpli ministè ou la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite