Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 26:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Epi sa, mwen te fè menm Jérusalem; non sèlman ke m te fèmen anpil nan sen sila yo nan prizon, men avèk otorite ke m te resevwa soti nan chèf prèt yo, lè yo te mete yo a lanmò mwen te dakò pou yo aji kont yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Se sa m te fè lavil Jerizalèm. Mwen te resevwa yon pouvwa espesyal nan men chèf prèt yo pou sa. Mwen te mete anpil patizan Kris yo nan prizon. Lè yo t'ap kondannen yo amò, mwen te dakò nèt ale.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 E se sa menm mwen te chache fè nan vil Jerizalèm. Mwen te resevwa otorite nan men chèf prèt yo pou m mete anpil moun nan pèp Bondye a nan prizon. Lè yo te konn ap touye yo, m te konn bay aval mwen paske m te dakò.

Gade chapit la Kopi




Travay 26:10
17 Referans Kwoze  

Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye; sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.


e lè yo te fin pouse li deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul.


Saul te fin dakò nèt ak lanmò li. Depi nan jou sa a, yon gran pèsekisyon te kòmanse kont legliz la nan Jérusalem. Yo tout, sof ke apòt yo, te gaye toupatou nan rejyon Juda avèk Samarie yo.


Men Saul te kòmanse ravaje legliz la. Li t ap antre de kay an kay pou rale fè sòti ni fanm, ni gason pou mete yo nan prizon.


Tout sila ki t ap tande li yo te etone tout tan, e t ap di: “Èske sa se pa sila ki nan Jérusalem te detwi sila yo ki te envoke non sa a, e ki te vini isit la ekspre pou mennen yo mare devan chèf prèt yo?”


Konsa, lè Saul te vini Jérusalem, li te eseye pran kontak avèk disip yo, men yo te pè l. Yo pa t kwè ke li te yon disip.


Alò pandan Pierre t ap vwayaje nan rejyon sa yo, li te desann osi bò kote fidèl ki te rete nan Lydde yo.


Li te bay li men li e te fè l leve. Konsa Pierre te rele tout fidèl yo avèk vèv yo e li te prezante li vivan.


Paske mwen se pi piti a pami apot yo, e ki pa menm dign pou rele apot, paske mwen te konn pèsekite legliz Bondye a.


Paske, nou konn tande listwa a fason lavi mwen nan lafwa Jwif la; jan mwen te konn pèsekite legliz a Bondye a depase limit, e te eseye detwi li.


Paul yon apot Jésus Kri pa volonte a Bondye, a sen ki an Éphèse yo ki fidèl nan Jésus Kri:


Konsa, mwen te wè fanm nan sou avèk san a sen yo, e avèk san a temwen Jésus yo. Lè mwen te wè l, mwen te etone anpil.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite