Travay 22:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen5 kòm osi wo prèt la ak tout konsèy ansyen yo kapab temwaye. Nan men yo, mwen te resevwa osi lèt pou tout frè yo, e te pati pou Damas, pou m ta kapab mennen menm sila ki te la Jérusalem yo kòm prizonye, pou yo ta kab pini. Gade chapit la1998 Haïtienne5 Granprèt la ak chèf fanmi yo ki reyini la a, yo ka sètifye sa m'ap di la a se vre. Se yo menm menm ki te ban m lèt otorizasyon pou frè jwif lavil Damas yo. Mwen ta pral arete mezi disip ki te la, mennen yo Jerizalèm pou fè regle yo. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil5 Gran prèt la ansanm ak tout asanble Gran Konsèy lidè Jwif yo kapab sètifye sa m ap di a. Se lidè sa yo menm ki te ban m lèt pou prezante m bay kòlèg Jwif ki nan lavil Damas yo. M t apral Damas pou m al arete disip Jezikris yo, pou m te vin avèk yo nan Jerizalèm pou yo te ka pini yo. Gade chapit la |