Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 22:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 “Epi mwen te di: “Kisa pou m ta fè, Senyè?” “Senyè a te reponn mwen: ‘Leve, ale antre Damas. La ou va vin tande tout sa ki nome pou ou ta fè.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Lè sa a, mwen mande: Kisa pou m fè, Senyè? Senyè a di mwen: Leve, ale lavil Damas. Se la y'a di ou tou sa Bondye va ba ou lòd fè.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Mwen reponn vwa a: Ki sa pou m fè Senyè? Senyè a reponn: Leve, antre nan vil Damas la. Lè w rive la, y a di w tout sa m gentan planifye pou ou, pou w fè.

Gade chapit la Kopi




Travay 22:10
9 Referans Kwoze  

Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.”


te mennen yo deyò, e li te mande yo: “Mesye yo kisa mwen dwe fè pou m ta sove?”


Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”


“Men akoz ke m pa t kab wè akoz briyans a limyè a, mwen te mennen pa lamen pa sila ki te avè m yo pou te vini Damas.


Men leve, antre nan vil la, e ou va tande kisa ou dwe fè.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite