Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 21:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Apre nou fin twouve disip yo, nou te rete la pandan sèt jou. Yo menm te kontinye ap di Paul selon Lespri a pou l pa mete pye l Jérusalem.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Nou jwenn kèk disip, nou pase sèt jou avèk yo. Lespri Bondye a te avèti yo pou yo te di Pòl pa moute Jerizalèm.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Poutèt nou te rankontre yon ekip kwayan la, nou pase sèt jou avèk yo. Yo bay Pòl avètisman pou l pa ta monte Jerizalèm poutèt sa Sentespri a te di yo.

Gade chapit la Kopi




Travay 21:4
11 Referans Kwoze  

“Nan nenpòt vil oubyen bouk ke nou antre, mande kilès ki gen merit nan li, epi ak li pou nou rete jis lè nou kite vil sa a.


Lè li te twouve li, li te mennen l Antioche. Pandan yon ane antye yo te reyini avèk legliz la, e yo te enstwi anpil moun. Disip yo te premyèman rele “Kretyen” la a, nan Antioche.


Li te rive pandan ke Apollos te Corinthe, Paul te travèse peyi pi wo a e te vini Éphèse pou twouve kèk disip.


Anplis, Kèk nan disip Césarée yo te vini avèk nou, e te mennen nou kote Mnanson ki sòti Chypre, yon disip depi anpil tan avèk sila nou te vin rete.


La nou te twouve kèk frè ki te envite nou rete avèk yo pandan sèt jou, e konsa nou te rive Rome.


Paske Mwen va montre li konbyen li oblije soufri pou non Mwen.”


men lè li te Rome, li te chèche mwen avèk dilijans e li te jwenn mwen.


Mwen te nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa tankou son a yon twonpèt,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite