Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 21:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Anplis, Kèk nan disip Césarée yo te vini avèk nou, e te mennen nou kote Mnanson ki sòti Chypre, yon disip depi anpil tan avèk sila nou te vin rete.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Te gen kèk nan disip lavil Sezare yo ki te al ansanm avèk nou tou. Yo mennen nou lakay Nazon, moun lil Chip, ki te yon disip depi lontan. Se la nou fè ladesant.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Kèk nan kwayan Sezare yo te monte Jerizalèm avèk nou tou. Kwayan sa yo mennen nou fè ladesant kay yon sèten Nason, yon moun lavil Chip, ki te yon disip depi lontan.

Gade chapit la Kopi




Travay 21:16
15 Referans Kwoze  

Yo va bay fwi toujou lè yo vin vye. Yo va plen ak dlo bwa vèt. Y ap rete vèt nèt.


Yon tèt blanch se yon kouwòn laglwa; li jwenn nan chemen ladwati a.


Nan youn jou pi tà, li te antre Césarée. Alò, Corneille t ap tann yo. Li te rele ansanm fanmi ak zanmi ki pwòch li yo.


Epi li te kòmande yo pou batize nan non Jésus Kri. Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou.


Answit, moun ki te gaye akoz pèsekisyon ki te leve a, ansanm ak zafè Étienne nan, te fè wout yo pou Phénicie, Chypre, ak Antioche, e yo t ap pale pawòl la a Jwif yo sèlman.


Yo te vin tèlman pa dakò ke yo te separe youn de lòt. Barnabas te pran Marc avè l e te pran bato a vwal pou Chypre.


Apre anpil diskisyon, Pierre te kanpe e te di yo: “Frè yo, nou konnen ke nan tan pase yo, Bondye te fè yon chwa pami nou, ke pa bouch mwen, pèp etranje yo ta dwe tande pawòl levanjil la, e vin kwè.


Nan jou apre a nou te sòti e te rive Césarée. Nou te antre lakay Philippe, evanjelis la, ki te youn nan sèt yo. Nou te rete avèk li.


Joseph, yon Levit ki te ne an Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis Ankourajman an


Men Philippe te twouve li menm nan Azot. Pandan li t ap travèse, li te kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée.


Salye Andronicus ak Junias, paran mwen yo, e prizonye parèy mwen yo, ki byen remakab pami apot yo, e ki te nan Kris la avan m.


malgre pou koz lanmou an, mwen pito sipliye ou—paske mwen se yon moun tankou Paul granmoun lan, e koulye a, osi yon prizonye a Kris Jésus.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite