Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 20:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Lè l te fin travèse tout distri sila yo e te bay yo anpil ekzòtasyon, li te rive nan peyi Grèce.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Li pase nan tout zòn lan, li t'ap ankouraje fidèl yo avèk anpil mesay. Apre sa, li pati, l'ale Lagrès.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Li te fòtifye kwayan yo ak anpil pawòl ankourajman nan tout rejyon Masedwàn nan, apre sa l ale nan peyi Lagrès.

Gade chapit la Kopi




Travay 20:2
17 Referans Kwoze  

Paske Mwen te koube Juda konsi se te banza Mwen. Mwen te plen banza a avèk Éphraïm. Mwen va fè leve fis ou yo, O Sion, kont fis ou yo, O Grèce, e Mwen va fè ou vin tankou nepe a yon gèrye pwisan.


Konsa, avèk anpil lòt egzòtasyon tou, Li te preche bòn nouvèl la bay pèp la.


La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.”


Li te vwayaje travèse Syrie ak Cilicie, pou ranfòse legliz yo.


Nou te kite la pou Philippes, yon vil prensipal nan distri Macédoine nan, yon koloni Women.Nou te rete nan vil sa pandan kèk jou.


Alò, lè yo te fin vwayaje travèse Amphipolis ak Apollonie, yo te rive Thessalonique, kote te gen yon sinagòg Jwif.


Frè yo, konsa, te voye Paul ak Silas ale nan Bérée pandan nwit lan. Lè yo te rive, yo te antre nan sinagòg Jwif yo.


Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”


Aprè tapaj la te fin sispann, Paul te voye pou disip yo. Lè l fin ekzòte yo, li te pran konje de yo, e li te sòti pou ale Macédoine.


Lè Paul te fin remonte e te fin kase pen pou manje, li te pale avèk yo pandan anpil tan jis rive nan granmmaten, e answit te pati.


Li te pase twa mwa la, epi lè Jwif yo te fè yon konplo kont li, pandan li t ap pral pran bato a vwal pou Syrie a, li te fè desizyon pou retounen pa Macédoine.


Men mwen va vini kote nou byento si Bondye vle e mwen va vin fè egzamen, pa nan pawòl a sila ki awogan yo, men nan pèz pwisans yo.


Konsa nou pwoklame Li ak egzòtasyon chak moun, e enstwi chak moun ak tout sajès, pou nou kapab prezante chak moun konplè an Kris Jésus.


Jis kon nou konnen jan nou t ap egzòte, ankouraje e plede ak nou chak, tankou yon papa ta dwe fè pwòp pitit li,


Paske egzòtasyon nou an pa soti ni nan erè, ni nan salte, ni nan fason pou twonpe moun.


Alò, finalman, frè m yo, nou mande e ankouraje nou nan Senyè a Jésus, ke menm jan nou te resevwa lenstriksyon nan men nou an, ak jan nou ta dwe mache pou fè Bondye plezi a (menm jan ke vrèman n ap mache a), pou nou kapab fè plis pwogrè toujou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite