Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 2:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Yo te etone, yo te sezi e te di: “Alò, èske tout moun sa yo k ap pale la yo pa Galileyen?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Yo pat manke sezi. Yo t'ap gade, yo t'ap di: — Moun sa yo k'ap pale la a, apa moun Galile yo tout ye?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Foul la tèlman sezi, tèlman etone, yo mande: “Tout moun sa yo n ap tande k ap pale a, se pa moun Galile yo tout ye?

Gade chapit la Kopi




Travay 2:7
12 Referans Kwoze  

Epi foul la t ap di: “Sa se pwofèt Jésus ki sòti Nazareth nan Galilée a”.


Epi yon ti jan pita, sila ki te la yo, te vin kote Pierre. Yo te di l: “Asireman ou menm, ou se youn nan yo. Jan ou pale a devwale ou.”


Lè Jésus te tande sa, Li te etone e te di a sila ki t ap swiv Li yo: “Anverite, Mwen di nou, Mwen pa twouve lafwa konsa nan okenn moun an Israël.


Yo tout te etone. Yo te diskite pami yo e te di: “Kisa sa ye? Yon enstriksyon nèf? Avèk otorite Li kòmande menm move lespri yo, e yo obeyi Li!”


Byen vit, li te leve, pran palèt li, e te sòti deyò devan tout moun. Yo tout te etone. Yo t ap bay glwa a Bondye. Yo t ap di: “Nou pa janm wè yon bagay konsa”.


Yo te reponn li e te di: “Èske ou menm sòti nan Galilée tou? Egzaminen Lekriti yo epi ou va wè ke nanpwen pwofèt ki sòti nan Galilée.”


E yo menm osi te di: “Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la”.


Yo tout te toujou sezi, byen konfonn, e te di youn ak lòt: “Kisa sa vle di?”


E kijan ke nou tout tande yo nan pwòp lang natal pa nou?


Yo te rekonèt li kòm sila ki te konn chita devan tanp lan nan pòt ki te rele Bel la, pou mande lacharite, e yo te etone e sezi pou sa ki te rive l la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite