Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 16:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin Macédoine pou ede nou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Nan mitan lannwit, Pòl fè yon vizyon: li wè yon nonm ki te sòti peyi Masedouàn kanpe devan l ki t'ap di li: Tanpri, vin nan peyi Masedouàn, vin pote nou sekou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Nan mitan lannuit lan, Pòl fè yon vizyon. Li wè yon mesye, moun peyi Masedwàn kanpe devan li, epi mesye a di l: “Tanpri, vin nan peyi Masedwàn, vin pote nou sekou!”

Gade chapit la Kopi




Travay 16:9
32 Referans Kwoze  

Anviwon nevyèm è nan jounen an, li te wè byen klè nan yon vizyon, yon zanj Bondye ki te vin kote li e te di l: “Corneille!”


Corneille te di: “Kat jou pase jis nan menm lè sa a, mwen t ap fè jèn e priye lakay mwen nan nevyèm è a; epi vwala yon nonm te kanpe devan mwen avèk vètman ki t ap briye.


Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm.


Nou te kite la pou Philippes, yon vil prensipal nan distri Macédoine nan, yon koloni Women.Nou te rete nan vil sa pandan kèk jou.


Men lè Silas ak Timothée te desann soti Macédoine, Paul te kòmanse dedye tèt li nèt a pawòl la, pou temwaye solanèlman a Jwif yo ke se te Jésus ki te Kris la.


Alò apre bagay sa yo te fini, Paul te pwopoze nan Lespri a, pou lè l te fin travèse Macédoine ak Achaïe, pou ale Jérusalem. Li te di: “Apre mwen fin rive la mwen dwe wè Rome tou.”


Li te rete an Asie pandan yon tan, men te voye Timothée ak Érastre, de moun ki te konn sèvi li yo, pou yo antre Macédoine.


Vil la te ranpli avèk boulvèsman sa a. Yo te kouri avèk yon sèl panse antre nan teyat la, e te trennen Gaïus ak Aristarque, vwayajè parèy ak Paul ki sòti Macédoine yo.


Aprè tapaj la te fin sispann, Paul te voye pou disip yo. Lè l fin ekzòte yo, li te pran konje de yo, e li te sòti pou ale Macédoine.


Li te pase twa mwa la, epi lè Jwif yo te fè yon konplo kont li, pandan li t ap pral pran bato a vwal pou Syrie a, li te fè desizyon pou retounen pa Macédoine.


Nou te anbake nan yon bato Adramityen ki te prèt pou pran vwal pou rejyon akote kot Asie. Nou te monte nan lanmè a, akonpanye pa Aristarque, yon Masedonyen ki soti Théssalonique.


Lydde te toupre Joppé, e disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: “Pa fè reta! Vin kote nou”!


Paske legliz yo nan Macédoine ak Achaïe te kontan fè yon don pou malere yo pami fidèl Jérusalem yo.


Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la.


Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen.


Paske menm lè nou te vini Macédoine, chè nou pa t gen okenn repo, men nou te aflije toupatou: konfli deyò, laperèz anndan.


Koulye a, frè nou yo, nou ta renmen fè nou konnen lagras Bondye ki te vin bay nan legliz Macédoine yo.


paske mwen konnen volonte nou. Pou sa menm, mwen fè nou konpliman devan pèp Macédoine lan, anfèt ke Achaïe te deja prepare depi ane pase, e ke zèl nou te eksite pifò nan yo.


Ni li pa lòtbò lanmè a, pou nou ta di: ‘Kilès k ap travèse lanmè a, pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li.’


Paske, vrèman nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite