Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 15:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Apòt ak ansyen yo te vin reyini ansanm pou egzamine afè sila a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Apòt yo ak chèf fanmi yo sanble pou egzaminen kèsyon an.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Apot yo ak lidè yo menm te rasanble pou yo etidye kesyon an.

Gade chapit la Kopi




Travay 15:6
12 Referans Kwoze  

San konsèy, plan yo vin jennen; men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.


Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo.”


Se konsa yo te fè, e te voye l pa men Barnabas ak Saul pou livre bay ansyen yo.


Lè Paul ak Barnabas te fè yon gran diskisyon ak deba avèk yo, lòt frè yo te detèmine ke Paul ak Barnabas ak kèk lòt nan yo ta dwe monte Jérusalem vè lòt apòt yo ak lansyen yo konsènan pwoblèm sila a.


Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo.


li te sanble bon pou nou, akoz nou tout te vin dakò ansanm, pou chwazi kèk mesye pou voye kote nou avèk byeneme nou yo, Barnabas ak Paul.


Lè yo te rive Jérusalem, yo te resevwa pa legliz la avèk tout apòt ak ansyen yo. Konsa, yo te bay yon rapò konple de tout sa ke Bondye te fè avèk yo.


Alò, pandan yo t ap travèse vil yo, yo t ap livre bay desizyon a ki te detèmine pa apòt yo ak ansyen yo nan Jérusalem.


Jou swivan an Paul te antre avèk nou vè Jacques, epi tout ansyen yo te la.


Donk, douz yo te rele rasanble ak disip yo e te di: “Li pa bon pou nou neglije pawòl Bondye a pou nou sèvi tab yo.


Obeyi lidè nou yo e soumèt nou a yo. Paske yo kontinye ap gade sou nanm nou, kòm sila ki oblije rann kont. Kite yo fè sa avèk jwa, olye chagren, paske sa pa t ap gen pwofi pou nou.


Sonje sila ki te dirije nou yo, ki te pale pawòl Bondye ak nou. Konsidere rezilta a zèv pa yo, e imite lafwa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite