Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 13:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 ki te avèk pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Li te bon zanmi Sèjiyis Polis, chèf zile a. Sèjiyis te yon nonm lespri. Li fè rele Banabas ak Sòl paske li te vle tande pawòl Bondye.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Li te yon pwòch Sèjiyis Polis ki te gouvènè zile a epi ki te yon nonm entèlijan tou. Sèjiyis te envite Banabas ak Sòl vin lakay li, paske li te anvi pou l tande Bòn Nouvèl Bondye a.

Gade chapit la Kopi




Travay 13:7
11 Referans Kwoze  

Moun san konprann kwè nan tout bagay; men yon nonm k ap refleshi veye pa li yo.


Moun san konprann yo gen foli kon eritaj; men moun rezonab lan kouwone ak konesans.


Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon.


Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans; anplis, zòrèy a saj la chache konesans.


Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo; Sila ki pridan an, kite li konnen yo. Paske, chemen a SENYÈ yo dwat, e moun ladwati a va mache ladan yo; men transgresè yo va glise tonbe nan yo.


Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de doktrin Senyè a.


Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont lafwa a.


Men pandan Gallion te pwokonsil Achaië Jwif yo avèk yon sèl vwa te leve kont Paul, e te mennen l devan chèz jijman an.


Donk alò, si Démétris ak ouvriye ki avè l yo gen yon plent kont nenpòt moun, tribinal yo louvri, e pwokonsil yo disponib; kite yo pote plent kont youn lòt.


Men byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite