Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 13:51 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

51 Men yo te souke pousyè a, fè l sòti nan pye yo, kòm yon sign kont yo, e yo te ale Icone.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

51 Pòl ak Banabas souke pousyè pye yo sou yo, y'ale lavil Ikonyòm.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

51 Konsa, Pòl ak Banabas souke pousyè pye yo sou moun yo, epi yo pati al nan vil Ikonyòm.

Gade chapit la Kopi




Travay 13:51
10 Referans Kwoze  

Nenpòt moun ki pa resevwa nou, ni pa okipe pawòl nou, lè nou kite kay sa a, oubyen vil sa a, souke pye nou pou pousyè li pa rete.


Epi nenpòt kote ki pa resevwa nou, oswa koute nou, pandan nou ap kite la, souke retire menm pousyè ki anba pye nou kon temwayaj kont yo. Asireman mwen di ou, l ap pi tolerab pou Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a!”


Menm pousyè vil nou an ki kole nan pye nou, nou siye li kont nou menm. Men konnen sa byen; ke wayòm syèl la gen tan vin toupre nou.”


Pou sila yo ki pa resevwa nou, lè n ap kite vil sa a, souke pousyè sòti nan pye nou kon yon temwayaj kont yo.”


Nan Icone yo te antre nan sinagòg a Jwif yo ansanm, e yo te pale nan yon jan ki te fè yon gran foul, ni Jwif, ni Grèk kwè.


Men Jwif ki te sòti Antioche ak Icone yo te vin parèt e te mennen foul la. Pou sa a, yo te lapide Paul avèk wòch e te rale l sòti nan vil la. Yo te konnen se mouri, li te mouri.


Aprè yo te fin preche levanjil nan vil sa a, e te fè anpil disip, yo te retounen Lystre, Icone ak Antioche.


Tout frè fidèl ki te nan Lystre avèk Icone yo te pale byen de li.


Men lè yo te reziste, e te fè blasfèm, li te souke rad li, e te di yo: “Ke san nou vini sou pwòp tèt nou! Mwen inosan. Depi koulye a mwen va ale kote pèp etranje yo.”


pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite