Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 13:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou travay ke mwen rele yo a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: — Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Pandan mesye sa yo te reyini pou fè sèvis pou Senyè a, yo t ap fè jèn, Sentespri a di yo: “Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen pou travay mwen rele yo pou yo fè a.”

Gade chapit la Kopi




Travay 13:2
41 Referans Kwoze  

Li te chwazi kèk nan Levit yo pou pran chaj sèvis la devan lach SENYÈ a, pou selebre menm e bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la:


Konsa, mwen te chache fas Senyè Bondye a, pou jwenn Li nan lapriyè ak siplikasyon, fè jèn ak twal sak ak sann.


Men kalite sila a pa sòti sof ke pa lapriyè, avèk jèn.”


“Konsa, lè nou ap fè jèn, pa mete yon figi tris jan ipokrit yo konn fè a. Paske yo neglije aparans yo pou moun kapab wè ke y ap fè jèn. Anverite, yo deja twouve tout rekonpans pa yo.


Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”


Alò, apre sa, Senyè a te nonmen swasann-dis lòt. Li te voye yo de pa de devan Li nan chak vil ak andwa kote Li menm te gen pou vini.


answit, kon vèv jis rive nan laj katre-ven-kat ane. Li pa t janm kite tanp lan e te sèvi lajounen kon lannwit nan jèn ak lapriyè.


Pandan Pierre t ap reflechi sou vizyon an Lespri a te di l: “Gade, gen twa mesye k ap chache ou.


Corneille te di: “Kat jou pase jis nan menm lè sa a, mwen t ap fè jèn e priye lakay mwen nan nevyèm è a; epi vwala yon nonm te kanpe devan mwen avèk vètman ki t ap briye.


Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te poze men sou yo e te voye yo ale.


Konsa, ranvoye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre.


Soti la yo te pran bato a vwal pou rive Antioche. Se te la menm yo te premyèman kòmande pa gras Bondye a pou zèv ke yo te fenk fin akonpli a.


“Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke Li te achte avèk pwòp san Li.


“Men Li te di mwen: ‘Ale, pwiske Mwen va voye ou byen lwen kote pèp etranje yo.’”


Joseph, yon Levit ki te ne an Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis Ankourajman an


Men nou menm nou va dedye nou a lapriyè ak ministè a pawòl Bondye a.”


Alò Lespri a te di Philippe: “Ale jwenn cha sila a”.


Men Senyè a te di li: “Ale paske li menm se yon enstriman ki chwazi pa Mwen pou pote non Mwen devan etranje, wa yo, ak fis Israël yo.


Paul, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, aple kòm apot mete apa pou bòn nouvèl Bondye a,


Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a: “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl a bon bagay bèl yo!”


pou m kapab yon sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an.


Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.


Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.


Mwen te nan travay, nan sikonstans difisil, nan anpil nwit san dòmi, nan grangou ak swaf, souvan san manje, nan fredi e san rad.


nan pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi nan grangou


Men lè Bondye, ki te mete m apa depi nan vant manman m nan, e te rele mwen selon gras Li a, te kontan


Sou pwomès sa a, mwen te vin yon sèvitè selon don lagras Bondye a, ke m te resevwa selon travay pouvwa Li a.


Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a.


Epi di Archippe, “Byen okipe èv ke nou te resevwa nan Senyè a, pou nou kapab akonpli li”.


Pou sa, mwen te chwazi kòm predikatè ak apot (m ap bannou verite, mwen p ap bannou manti), kòm yon mèt pou enstwi pèp etranje yo nan lafwa ak verite a.


Pou li menm, mwen te chwazi kòm predikatè, apot, ak pwofesè pou ale vè etranje yo.


Bagay ke ou te tande de mwen nan prezans a anpil temwen yo, konfye yo a moun ki fidèl, ki kapab osi enstwi lòt yo.


Se sèl Luc ki avè m. Pran Marc e mennen l vini avè w, paske li itil a mwen pou zèv mwen an.


Men ou menm, rete tanpere nan tout bagay, sipòte difikilte yo, fè travay a yon evanjelis, akonpli ministè ou la.


Okenn moun konsa p ap pran onè pou tèt li, men li rele pa Bondye, menm jan Aaron te rele a.


Elkana te ale lakay li Rama. Men gason an te fè sèvis SENYÈ a devan Éli, prèt la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite