Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 13:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de doktrin Senyè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Lè gouvènè a wè sa k te rive a, li kwè. Sa te frape l anpil lè l tande tou sa yo t'ap moutre li sou Senyè a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Lè gouvènè zile a wè sa k te pase a, li vin kwè. Li te sezi anpil, lè l tande ansèyman mesye yo konsènan Senyè a.

Gade chapit la Kopi




Travay 13:12
20 Referans Kwoze  

Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, lè yo te wè tranbleman de tè a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin fè pè anpil. Yo te di: “Anverite, sa se te Fis a Bondye a!”


Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: “Se pa fis a Joseph la?”


Lakrent te sezi yo tout, yo t ap bay glwa a Bondye, e te di: “Yon gran pwofèt gen tan leve pami nou!” E “Bondye vizite pèp Li a”!


Ofisye yo te reponn: “Janmen yon moun pa pale tankou moun sa a pale.”


Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki te nome pou lavi etènèl yo te kwè.


Pawòl Senyè a te gaye nan tout rejyon an.


ki te avèk pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a.


Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont lafwa a.


Konsa, Paul ak Barnabas te rete Antioche ansanm ak anpil lòt, pou preche e enstwi pawòl Senyè a.


Apre kèk tan, Paul te di Barnabas: “Annou retounen pou vizite chak vil kote nou te pwoklame pawòl Senyè a pou nou wè kijan yo ye.”


Men pandan Gallion te pwokonsil Achaië Jwif yo avèk yon sèl vwa te leve kont Paul, e te mennen l devan chèz jijman an.


Sa te fèt pandan dezan, pou tout sila ki te rete an Asie yo ta tande pawòl Senyè a, ni Grèk, ni Jwif.


Konsa pawòl Senyè a t ap grandi ak pwisans, e t ap renye.


Donk alò, si Démétris ak ouvriye ki avè l yo gen yon plent kont nenpòt moun, tribinal yo louvri, e pwokonsil yo disponib; kite yo pote plent kont youn lòt.


Te gen an tou, anviwon douz mesye.


Alò, toupre kote sila a, te gen tè ki te pou mesye pi enpòtan nan lil la, ke yo te rele Publius, ki te bannou byenveni. Li te byen emab e li te bay nou lojman pandan twa jou.


Men yo pa t kapab fè fas avèk sajès ak Lespri ki t ap fè l pale a.


Alò, lè yo te fin temwaye solanèlman, e te pale pawòl Senyè a, yo te fè wout yo pou retounen Jérusalem. Konsa, tou, yo te preche bòn nouvèl la nan anpil vilaj Samariten.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite