Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 12:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Zanj lan te di l: “Mare senti ou e mete sapat ou”. Li te fè sa, epi li te di li: “Vlope ou ak manto a e swiv mwen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Zanj lan di li: — Mete sentiwon ou, mare sapat ou. Pyè fè tou sa. Zanj lan di l ankò: — Mete gwo rad ou sou ou, swiv mwen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Zanj lan di l ankò: “Mare sentiwon w epi mete sandal ou nan pye w!” Pyè fè sa anj lan di l fè a. Apre sa, anj lan di l: “Mete manto w sou ou epi swiv mwen.”

Gade chapit la Kopi




Travay 12:8
7 Referans Kwoze  

“Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife.


men yo te gen pou mete sapat yo, e Li te di anplis: “Pa menm mete de tinik (yon wòb lejè)”.


Beni se esklav sila yo ke mèt la va twouve k ap byen veye lè l vini. Anverite Mwen di nou keli va mare senti li pou sèvi yo. Li va fè yo repoze sou tab la, e li va vini pou bay yo sèvis.


Epi vwala yon zanj Senyè a te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!” Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.


Konsa, li te ale deyò e te kontinye swiv li. Li pa t fin konnen si sa ki t ap fèt pa zanj lan te vrè, men te sipoze ke se te yon vizyon ke li t ap fè.


Paske nan menm nwit sa a, yon zanj a Bondye a Sila ke m apatyen, e Sila ke m sèvi, te kanpe devan mwen.


Men yon zanj Senyè a te pale ak Philippe e te di: “Leve, ale nan sid nan wout ki desann soti Jérusalem vè Gaza a.” (Sa se yon wout nan dezè.)


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite