Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 12:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Lè yo te fin pase premye ak dezyèm gad yo, yo te rive a yon pòtay an fè ki te mennen nan lantre vil la. Li te ouvri pou yo pou kont li. Yo te pase ale deyò, e te desann nan yon ri. Imedyatman zanj lan te kite li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Yo pase premye pòs gad la, yo pase dezyèm pòs la, yo rive bò pòtay an fè ki bay sou lavil la. Pòtay la louvri pou kont li devan yo. Yo sòti, yo pran lari. Menm lè a, zanj lan kite Pyè.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Pyè ansanm ak anj lan pase premye pòs gad la, apre sa yo pase dezyèm nan. Lè yo rive devan pòtay an fè ki bay sou lavil la, pòtay la louvri poukont li devan yo epi yo soti. Apre yo mache nan lari a rive sou yon lòt lari, anj lan disparèt.

Gade chapit la Kopi




Travay 12:10
11 Referans Kwoze  

Alò li te sere yo nan prizon lakay Kaptenn a kò gad la, menm kote ke Joseph te anprizone a.


Konsa, li te mete yo nan prizon pou twa jou.


Gadyen nan rele kon yon lyon: “O SENYÈ, mwen kanpe tout jou yo san deplase sou wo tou la! Nan lanwit sou pòs gad la!


Konsa, yo te arete li, akoz ke li potko deside kisa pou fè avèk li.


Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: “Lapè avèk nou.”


Uit jou pi tà, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: “Lapè avèk nou!”


Lè l te sezi li, li te mete l nan prizon, e te livre li a kat ekip sòlda pou yo te veye l, avèk entansyon apre Pak la, pou mennen l devan pèp la.


Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman tout pòt prizon an te vin louvri, e chèn tout moun te vin detache.


Men yon zanj Bondye te ouvri pòt prizon an pandan lannwit, e te fè yo sòti, e te di:


“A zanj legliz nan Philadelphie a, ekri: Sila ki sen an, ki vrè a, ki gen kle David la, k ap louvri pou pèsòn p ap ka fèmen l, e ki fèmen pou pèsòn p ap ka louvri a, di konsa:


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite