Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 11:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, apòt yo ak frè fidèl yo ki te nan tout Judée te tande ke pèp etranje yo osi te resevwa pawòl Bondye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Apòt yo ansanm ak frè yo ki te nan Jide te tande ki jan moun ki pa jwif yo te resevwa pawòl Bondye a tou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Apot yo ansanm ak kwayan nan Jide yo te pran nouvèl jan moun ki pa Jwif yo te aksepte Bòn Nouvèl Bondye a.

Gade chapit la Kopi




Travay 11:1
34 Referans Kwoze  

Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda, ni bwa règleman p ap janm antre pye li jis lè Schilo vini, e a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo.


Tout ekstremite tè a nèt va sonje. Yo va vire bò kote SENYÈ a. Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va adore devan Ou.


Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.


jiskaske Lespri a vide sou nou soti anwo, epi savann nan vin fè yon chan fètil, e chan fètil la va vin konsidere kon yon forè.


“Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a. Mwen te mete Lespri M sou Li. Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.


Mwen menm se SENYÈ a. Mwen te rele Ou nan ladwati. Anplis, Mwen va kenbe Ou nan men. Mwen va pran swen Ou. Mwen va chwazi Ou kon yon akò pou pèp la, kon yon limyè pou nasyon yo,


Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen, pou leve fè monte tout tribi Jacob yo, e restore retay Israël la. Konsa anplis, Mwen va fè Ou yon limyè a nasyon yo, pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”


SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè. Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an.


Nasyon yo va vin kote limyè ou a, e wa yo nan klète lè ou leve a.


Nasyon yo va wè ladwati ou e tout wa yo glwa ou. Konsa, ou va rele pa yon non nouvo ke bouch SENYÈ a va bay.


O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an e sekou mwen an nan jou gwo malè a, vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè. Yo va di: “Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti sa ki pouriyen, san enpòtans e san benefis.”


Mwen va simen li kote M nan tè a, Mwen va genyen mizerikòd pou li, fi ki pa t konn jwenn mizerikòd la. Konsa, Mwen va di a sila ki pa t pèp Mwen an: ‘Ou se pèp Mwen an!’ Epi yo va reponn: ‘Ou se Bondye mwen!’”


Epi konsa, retay Jacob la va nan mitan anpil nasyon pèp yo, tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a, tankou lapli k ap farinen sou zèb, ki p ap tann lòm, ni fè reta pou fis a lòm yo.


SENYÈ a va vin tèrib pou yo, paske Li va fè tout dye teritwa yo mouri ak grangou. Konsa, tout moun, depi nan nasyon yo va adore Li, yo chak nan pwòp plas yo.


Paske nan lè sa a, Mwen va bay a pèp nasyon yo lèv ki pirifye, pou yo tout ka rele non SENYÈ a, pou sèvi Li de zepòl a zepòl.


Anpil nasyon va vin jwenn yo ak SENYÈ a nan jou sa a, e va devni pèp Mwen. Epi Mwen va demere nan mitan nou, e nou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen kote nou.


Paske depi solèy la leve jis rive kote li kouche a, non Mwen va gran pami nasyon yo, e tout kote, lansan ak ofrann sereyal ki san tach va vin ofri a non Mwen. Paske non Mwen va gran pami nasyon yo,” pale SENYÈ Dèzame yo.


Aprè Jésus te fin fèt Bethléem nan peyi Judée pandan Hérode te wa, konsa yon ekip mesye saj ki sòti nan lès te rive Jérusalem pou mande;


Konsa, Mwen di nou ke anpil moun va vin soti nan lès ak lwès pou chita sou tab avèk Abraham, Isaac ak Jacob nan wayòm syèl la;


Epi lè yo te antre nan tonm nan, yo te wè yon jennonm ki te chita sou bò dwat, abiye ak yon vètman blan, epi yo te sezi.


“yon limyè revelasyon pou payen yo, epi laglwa a pèp Ou a, Israël.”


Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di:


Epi selon mwayen ke nenpòt disip te genyen, yo chak te detèmine pou voye asistans pou sekou a frè yo nan Judée.


Yo te rive e reyini tout legliz la ansanm. Yo te komanse bay rapò a tout bagay ke Bondye te fè avèk yo, ak jan Li te louvri pòt lafwa a pèp etranje yo.


Konsa voye pa legliz la, yo t ap travèse Phénicie ak Samarie, e t ap bay an detay istwa konvèsyon pèp etranje yo. Sa te fè kè a tout frè yo kontan anpil.


Epi frè fidèl yo, lè yo te tande de nou, te vini la soti nan distans pou rive nan Mache Appuis la avèk Twa Tavernes pou rankontre nou. Lè Paul te wè yo, li te remèsye Bondye e te pran kouraj.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite