Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 10:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, te gen yon sèten nonm nan Césarée ke yo te rele Corneille, yon santenye nan kowòt Italyen an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Nan lavil Sezare te gen yon nonm ki te rele Kònèy. Li te kaptenn yon batayon sòlda moun peyi Itali nan lame women an.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Te gen yon nonm nan lavil Sezare yo te rele Kònèy. Kònèy te yon kapitèn nan lame Women an. Li te nan tèt yon batayon sòlda, moun peyi Itali.

Gade chapit la Kopi




Travay 10:1
19 Referans Kwoze  

Epi sòlda a gouvènè yo te pran Jésus ale nan pretwa a (lakou gad la), e te rasanble tout kowòt la (yon bann sòlda Women) pou antoure Li.


Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, lè yo te wè tranbleman de tè a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin fè pè anpil. Yo te di: “Anverite, sa se te Fis a Bondye a!”


Sòlda yo te pran L antre nan lakou a (sa vle di Pretwa a). Yo te rele ansanm yon kowòt Women antye.


Epi esklav a yon sèten santenye, ke li te renmen anpil, te malad e te prèt pou mouri.


Konsa, kòwòt women an, avèk kòmandan, avèk ofisye Jwif yo te arete Jésus, e te mare Li.


Konsa, Judas, ki te deja resevwa kòwòt sòlda Women an avèk ofisye chèf prèt yo ak Farizyen yo, te vini la avèk lantèn, flanbo, ak zam.


Nan youn jou pi tà, li te antre Césarée. Alò, Corneille t ap tann yo. Li te rele ansanm fanmi ak zanmi ki pwòch li yo.


Pandan yo t ap chache pou touye l, yon rapò te rive devan kòmandan Kowòt Women an, ke tout Jérusalem te boulvèse.


Nan jou apre a nou te sòti e te rive Césarée. Nou te antre lakay Philippe, evanjelis la, ki te youn nan sèt yo. Nou te rete avèk li.


Men lè yo te tire kò l avèk kòd fèt an kwi, Paul te di a santenye a ki te kanpe akote a: “Éske li pèmi pou ou fwete yon sitwayen Women ki pa menm kondane?”


Konsa, li te rele de nan santenye yo. Li te di yo: “Ale fè de-san sòlda prè pou twazyèm lè nwit lan, pou pati pou Césarée, avèk swasann-dis chevalye, ak de-san sòlda ak lans.”


Lè sa yo te rive Césarée e te livre lèt la bay Gouvènè a, yo te prezante Paul devan l.


Konsa, Festus, apre twa jou nan pwovens lan, te kite Césarée pou monte Jérusalem.


Alò lè kèk jou te pase, Wa Agrippa avèk Bérnéice te rive Césarée pou prezante omaj yo a Festus.


Lè yo te deside ke nou ta pran vwal pou Italie, yo te pwosede livre Paul avèk kèk lòt prizonye bay yon santenye ki manm nan kowòt Auguste la, ki te nome Julius.


Paul te di santenye a ak sòlda yo: “Si moun sa yo pa rete nan bato a, nou menm nou p ap kab sove.”


Men santenye a ki te vle fè Paul rive sof, te anpeche entansyon yo a, e te kòmande ke sila ki te kapab naje, vòltije nan lanmè a avan pou naje rive atè,


Men Philippe te twouve li menm nan Azot. Pandan li t ap travèse, li te kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite