Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 1:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 “Alò mesye sila te vin achte yon chan avèk pri mechanste li a; e te tonbe tèt devan; vant li te fann e zantray li te vide sòti.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 (Avèk lajan yo te ba l pou krim lan, Jida te achte yon moso tè. Se la li tonbe sou tèt, vant li pete, tout zantray li gaye sot deyò.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Jida te achte yon moso tè avèk lajan sal li te resevwa pou trayi l te trayi Jezi a. Men apre sa, li sot tonbe sou tèt, vant li pete, tout trip li gaye sou menm moso tè sa a.

Gade chapit la Kopi




Travay 1:18
12 Referans Kwoze  

Pou sa a Kite lanmò rive sibitman sou yo. Kite yo desann tou vivan kote mò yo ye. Paske mechanste a nan abitasyon yo, pami yo, kote yo rete a.


Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an. Moun ki vèse san e ki bay manti p ap rive fè mwatye nan jou yo. Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.


Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Jete sa vè bòs potye a—pri manyifik valè M ki te estime pa yo menm nan!” Konsa, mwen te pran trant sik ajan, e mwen te jete yo vè bòs potye a, lakay SENYÈ a.


paske vrèman, mwen va onore ou anpil. Mwen va fè nenpòt sa ou mande mwen. Alò, souple, vin modi pèp sa a pou mwen.’”


Konsa, ansyen a Moab yo avèk ansyen a Madian yo te pati avèk frè pou peye divinasyon nan men yo. Yo te vin kote Balaam pou te repete pawòl a Balak yo pou li.


A youn li te bay senk talan (yon gwo sòm dajan) a yon lòt de, e a yon lòt, youn, selon kapasite ke chak te genyen. Epi li te sòti pou fè vwayaj la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite