Pale a sila ki gen kè twouble yo, “Pran kouraj! Pa pè! Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans. Rekonpans Li an va rive. Li va vini, e Li va sove nou.”
Tande bri a sila k ap sove ale yo, ak sila k ap pran flit kite tè Babylone nan, pou deklare an Sion vanjans a SENYÈ Bondye nou an; vanjans pou tanp Li an.
Paske sila k ap detwi a fin rive sou li, sou Babylone nan menm. Mesye pwisan li yo fin kaptire. Banza yo fin kraze nèt. Paske SENYÈ a se yon Bondye k ap bay rekonpans. L ap rekonpanse nèt.
“Sove ale soti nan mitan Babylone! Nou chak sove lavi nou! Pa vin koupe retire nan inikite l, paske sa se lè vanjans SENYÈ a. Li va rann rekonpans bay li.
Yon Dye jalou k ap fè vanjans se SENYÈ a. SENYÈ a plen chalè kòlè ak vanjans. SENYÈ a ap pran vanjans Li sou sa yo ki kont Li yo. Sou lènmi Li yo, li konsève chalè kòlè Li.
Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.