Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 92:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m kontan avèk sa Ou te fè a. Mwen va chante chan viktwa a akoz zèv men Ou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 (5) Paske, Senyè, ou fè kè m kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m wè tou sa w'ap fè.

Gade chapit la Kopi




Sòm 92:4
20 Referans Kwoze  

Kite glwa SENYÈ a dire jis pou tout tan. Kite SENYÈ a rejwi nan zèv Li yo.


Kite refleksyon mwen yo fè L plezi. Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.


SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou. Nou kontan.


Mwen sonje ansyen jou yo. Mwen reflechi tout tan sou tout sa Ou te fè. Mwen panse sou zèv men Ou yo.


Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita. Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.


Nonm ladwati a va kontan nan SENYÈ a! Yo va pran refij nan Li, epi tout moun dwat yo va fè kè kontan.


Ou fè li regne sou zèv men Ou yo. Ou te mete tout bagay anba pye li:


Kite zèv Ou yo vin parèt a sèvitè Ou yo, akmajeste Ou a pitit yo.


Paske konsa pale SENYÈ a: “Chante anlè ak kè kontan pou Jacob, e kriye fò pami chèf nasyon yo. Pwoklame, bay lwanj epi di: ‘O SENYÈ sove pèp Ou a, retay Israël la!’


Lespri mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.


“Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.


Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote.


“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite