Bondye mennen l sòti an Égypte. Li pou li tankou kòn a yon bèf mawon. Li va devore nasyon ki advèsè li yo. Li va kraze zo yo an mòso, Li va kraze yo avèk flèch li yo.
“Se konsa pou kite tout lènmi Ou yo peri, O SENYÈ, men ke sila ki renmen Li yo vin tankou solèy k ap leve ak tout fòs li.” Konsa, peyi a te rete san boulvèsman pandan karant ane.
Anne te priye e te di: “Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a! Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a. Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo, akoz mwen rejwi nan delivrans Ou.
Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt. Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo. SENYÈ a ki va jije, jis rive nan tout ekstremite latè yo. Konsa, Li va bay kouraj a wa Li; Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”