Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 91:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a, ak ravaj gwo maladi yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Se li menm ki p'ap kite ou pran nan pèlen, ki p'ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou.

Gade chapit la Kopi




Sòm 91:3
16 Referans Kwoze  

Konsa, SENYÈ a te voye yon epidemi sou Israël jis rive nan maten nan lè chwazi a e swasann-di-mil moun nan pèp la soti Dan jis rive Beer-Schéba te mouri.


“Si gen gwo grangou nan peyi a, si gen toumant, si gen gwo maladi sou jaden oswa bèt, oswa wouy, epidemi nan youn nan espès krikèt volan yo, si lènmi pa yo fè syèj sou yo nan peyi vil pa yo, nenpòt kalite toumant, nenpòt gwo maladi,


Nanm nou gen tan fin chape tankou yon zwazo ki sòti nan pèlen a moun k ap fè lachas yo. Pèlen an fin kase e nou chape.


Sove m de dan pyèj ke yo te prepare pou mwen yo, avèk pèlen a sila ki fè inikite yo.


Anverite, Bondye va kraze tèt lènmi Li yo, tèt la menm ak cheve a sila ki pèsiste nan mechanste li yo.


ni gwo maladi ki swiv nan fènwa, ni destriksyon ki devaste a midi.


Chape tèt ou kon yon antilòp nan men a chasè, oswa zwazo a nan pelen moun lachas la.


Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l; tankou yon zwazo k ap fè vit pou rive nan pèlen. Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li.


Anplis, lòm pa konnen lè li tankou pwason ki kenbe nan yon filè mechan an, o zwazo ki kenbe nan pèlen an. Se konsa fis a lòm yo sezi nan yon move moman. Epi lanmò an tonbe sou yo sibitman.


Yon pwofèt veye sou Éphraïm avèk Bondye mwen an. Yon pèlen moun pou kapte se nan tout chemen li yo, e se sèl mepriz li twouve lakay Bondye li a.


Èske yon zwazo ka kenbe nan yon pèlen atè, si resò a pa t rale? Èske pèlen an ka vòltije sòti atè, san ke li gen yon bagay pou kenbe?


Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon.


pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite