Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 9:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Ou te fè chatiman nasyon yo; Ou te detwi mechan yo; Ou te efase non yo jis pou tout tan e pou tout tan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 (6) Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan.

Gade chapit la Kopi




Sòm 9:5
24 Referans Kwoze  

Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li.


pou fè vanjans sou nasyon yo, avèk pinisyon sou lòt pèp yo;


Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa, e pèp yo fòmante yon vye bagay?


Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo. SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san, ki twonpe moun.


Si yon nonm pa repanti, La p file nepe Li. Li deja koube banza Li; Li prèt.


Anplis, li te chase nasyon yo devan yo, te pataje pou yo yon eritaj selon mezi li, e te fè tribi Israël yo abite nan tant yo.


Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo ye?” Kite li vin rekonèt pami nasyon yo devan zye nou, ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse.


Memwa a moun dwat la beni; men non mechan an vin pouri.


Limyè a moun dwat la se rejwisans; men lanp a mechan an va etenn.


Epi Mwen va mete twòn pa Mwen nan Élam, e Mwen va detwi wa pa yo ak ofisye pa yo,’ deklare SENYÈ a.


O Senyè, Ou te plede ka pou nanm mwen an. Ou te rachte lavi mwen.


Nou va foule mechan an anba pye nou, paske yo va tankou sann anba pla pye nou nan jou ke Mwen fè,” pale SENYÈ dèzame yo.


Kite Mwen sèl pou M kapab detwi yo, e efase non yo soti anba syèl la; Mwen va fè a ou menm yon nasyon pi pwisan e pi gran ke yo.’


Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an.


Alò, David te di a Abigaïl: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te voye ou jou sila a pou rankontre avè m!


Lè David te tande ke Nabal te mouri, li te di: “Beni SENYÈ a, ki te plede kòz repwòch mwen nan men Nabal e ki te kenbe sèvitè li a pou l pa fè mal. SENYÈ a anplis, te fè malfezans a Nabal retounen sou pwòp tèt li.” Alò, David te voye ofri Abigaïl pou l ta pran li kòm madanm li.


Konsa, Saül te di a pòtè zam li an: “Rale nepe ou pou frennen m avè l; otreman, Filisten ensikonsi sila yo va vin frennen m nèt e fè spò avè m.” Men pòtè zam nan te refize, paske li te pè anpil. Pou sa Saül te pran nepe li e te tonbe sou li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite