Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 9:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Paske Sila ki egzije san an sonje yo; Li pa janm bliye kri a sila ki oprime yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 (13) Bondye chonje moun k'ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal.

Gade chapit la Kopi




Sòm 9:12
21 Referans Kwoze  

Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.


anplis, ak san inosan li te vèse yo. Paske li te ranpli Jérusalem avèk san inosan e SENYÈ a pa t padone sa.


Ou te wè sa, paske Ou te wè kont mechanste ak agase moun pou pran sa an men. Malere a ap depann de Ou menm; Se Ou ki konn ede òfelen an.


O SENYÈ, Ou te tande dezi a enb yo; Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,


Li te prete atansyon a lapriyè malere yo, e pa t meprize priyè yo.


Paske SENYÈ a te chwazi Sion. Li te vle l pou abitasyon Li.


Paske Li pa t meprize ni rayi afliksyon a aflije yo. Ni Li pa t kache figi Li a li menm, men lè li te kriye a Li pou sekou, Li te tande.


Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li, epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.


Cha Bondye yo anpil sou milye dè milye. Senyè a pami yo sòti Sinaï, nan sentete Li.


Sonje asanble Ou a, ke Ou te achte depi tan ansyen yo, sa yo ke Ou te rachte pou fè tribi eritaj pa Ou: Mòn Sion sila a, kote Ou te abite.


La, Li te kase flèch dife yo, boukliye ak nepe ak zam lagè yo.


SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo.


Alò, gade byen kri fis Israël yo gen tan rive devan M. Anplis, Mwen te wè avèk ki opresyon Ejipsyen yo ap oprime yo a.


Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li, pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo. Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo, e li p ap kache mò li yo ankò.


Gade byen, mwen menm ak pitit ke SENYÈ a te ban mwen yo se pou sign ak mèvèy an Israël ki sòti depi nan SENYÈ Dèzame yo, ki demere sou Mòn Sion.


pou sa rive ke sou nou kapab tonbe koupabilite pou tout san ki te vèse sou latè yo, kòmanse avèk Abel ki te jis, pou rive jouk nan san Zacharie, fis a Barachie a, ke nou te asasine antre tanp lan ak lotèl la.


Paske sila yo te vèse san a sen ak pwofèt yo, e Ou te bay yo san pou yo bwè. Yo merite sa.”


Konsa, yo te retire dye etranje sila ki te pami yo pou te sèvi SENYÈ a; epi Li pa t kab sipòte mizè Israël ankò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite