Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 83:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Ki te fin detwi nan En-Dor, ki te vin tankou fimye sou latè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 (11) Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.

Gade chapit la Kopi




Sòm 83:10
10 Referans Kwoze  

epi kadav Jézabel va tankou fimye bèt sou sifas chan nan teren Jizréel la, jiskaske yo pa ka di: “Sa se Jézabel.”’”


“Yo va mouri mo yo ki byen move. Yo p ap fè dèy pou yo, ni antere yo. Yo va rete tankou fimye bèt sou sifas latè. Yo va manje nèt ak nepe ak gwo grangou. Kadav yo va devni manje pou zwazo syèl ak pou bèt sovaj latè yo.”


Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.


Mwen va mennen gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt.


Nan Issacar ak nan Aser, Manassé te gen Beth-Schean avèk bouk li yo, Jibleam avèk bouk li yo, pèp a Dor yo avèk bouk li yo, pèp a En-Dor yo avèk bouk li yo, pèp a Thaanac yo avèk bouk li yo, pèp a Meguiddo yo avèk bouk li yo e twazyèm nan se Napheth.


SENYÈ a te boulvèse Sisera avèk tout cha yo ak tout lame a avèk lam nepe devan Barak, epi Sisera te desann cha li e te sove ale a pye.


Men Barak te kouri dèyè cha yo avèk lame a jis rive Haroscheth-Goïm e tout lame Sisera a te tonbe pa lam nepe. Nanpwen youn ki te rete.


Dlo ravin, larivyè Kishon te pran yo ale, ansyen dlo ravin nan, dlo ravin Kishon an. O nanm mwen mache avanse ak fòs.


Yo te kaptire de chèf dirijan a Madian yo, Oreb avèk Zeeb. Yo te touye Oreb nan wòch Oreb la, e yo te touye Zeeb nan pez divin Zeeb la, pandan yo t ap kouri dèyè Madian. Konsa, yo te pote tèt a Oreb avèk Zeeb bay Gédéon soti lòtbò Jourdain an.


Alò, Saül te pale sèvitè li yo: “Chache pou mwen yon fanm ki konn pale ak mò, pou m kab ale kote li pou mande li kèk bagay.” Sèvitè li yo te di li: “Gade byen, gen yon fanm ki konn pale ak mò nan En-Dor.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite