Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 78:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Fis a Éphraïm yo ki kon tire flèch, te pote banza yo. Sepandan, nan jou batay la, yo te fè bak.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Pitit Efrayim yo se moun ki konn goumen, ki fò nan tire flèch. Men, yo kouri lè batay mare.

Gade chapit la Kopi




Sòm 78:9
10 Referans Kwoze  

Yo te pote banza, te voye wòch avèk fistibal ni sou men dwat, ni sou men goch, e tire flèch yo ak banza a. Se te fanmi a Saul, soti nan tribi Benjamin an.


men te vire fè bak e te aji nan malveyans tankou papa zansèt yo. Yo te vire akote tankou yon banza ki tòde.


Men li te di Li: “Senyè, avèk Ou, mwen prepare pou m ale ni nan prizon, ni a lanmò!”


Alò, mesye Israël yo te vire nan batay la e Benjamin te kòmanse frape e touye anviwon trant mesye Izrayelit, paske yo te di: “Vrèman, yo detwi devan nou, tankou nan premye batay la.”


Konsa, Gaal, fis a Ébed la te di: “Kilès Abimélec sa a ye, e kilès Sichem ye pou nou ta dwe sèvi li? Se pa fis a Jerubbaal la? Se pa Zebul ki lyetnan li? Sèvi pito mesye Hamor yo, fis a Sichem lan, men poukisa nou ta dwe sèvi li menm?


Alò Filisten yo t ap goumen kont Israël e mesye Israël yo te kouri devan Filisten yo, e yo te tonbe mouri sou Mòn Guilboa.


Konsa, Filisten yo te goumen e Israël te bat. Tout mesye yo te sove ale rive nan pwòp tant yo. Masak la te byen gwo, e te vin tonbe an Israël trant-mil sòlda a pye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite