Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 74:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Yo fin brile sanktiyè Ou a jis rive atè. Yo te souye abitasyon ki fèt nan non Ou an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l vide atè.

Gade chapit la Kopi




Sòm 74:7
14 Referans Kwoze  

Alò, SENYÈ a te fin akonpli pawòl ke Li te pale a. Paske mwen te leve nan plas papa m, David. Mwen chita sou twòn Israël la, jan SENYÈ a te pwomèt la, e mwen te bati kay la pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.


Li te brile lakay SENYÈ a, lakay wa a ak tout kay Jérusalem yo. Menm tout gwo kay yo, li te brile yo avèk dife.


Anfen, yo te brile kay Bondye a, yo te kraze miray Jérusalem nan, yo te brile tout konstriksyon fòtifye li yo avèk dife, e yo te detwi tout bagay valab li yo.


Ou te desann e rejte akò a sèvitè ou a. Ou te pwofane kouwòn li an nan pousyè.


“‘Nou va fè yon lotèl avèk tè pou Mwen, e nou va fè sakrifis sou li nan ofrann brile, ak ofrann lapè, mouton nou yo, avèk bèf nou yo. Nan chak plas kote Mwen fè non Mwen sonje, Mwen va vin kote nou, e Mwen va beni nou.


Bèl kay sen nou an, kote papa nou yo te ba Ou lwanj yo, te brile ak dife; epi tout bagay ki te chè a nou menm te vin kraze nèt.


Li te brile kay SENYÈ a lakay wa a, ak tout kay Jérusalem yo; menm tout gwo kay yo, li te brile yo ak dife.


Senyè a te vale tout nèt. Li pa t epanye tout abitasyon Jacob yo. Nan gwo chalè Li, Li te jete sitadèl fi a Juda a. Li te bese yo nèt jis rive atè. Li te pwofane wayòm nan ak tout prens li yo.


Ak vyolans, Li te aji sou tanp Li an, konsi se yon tonèl jaden. Li te detwi kote ke Li menm te deziye pou asanble yo. SENYÈ a te fè bliye tout jou fèt ak Saba Sion yo, e Li te meprize ni wa a, ni prèt la nan gwo kòlè Li a.


‘Pale ak lakay Israël: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou pwofane sanktyè Mwen an, ògèy a pouvwa nou an, dezi a zye nou, e plezi a nanm nou. Epi fis ak fi nou yo, ke nou te kite dèyè yo; yo va tonbe pa nepe.


Akoz sa, Mwen va mennen fè vini sila ki pi mal nan tout nasyon yo, e se yo k ap posede lakay yo. Mwen va, anplis, fè ògèy a sila ki pwisan yo sispann. Lye sen yo va vin gate nèt.


Anplis, Mwen va kraze vil nou yo; Mwen va fè sanktyè nou yo vin dezè, e Mwen p ap dakò santi sant dous nou yo.


Lè wa a tande sa a, li te anraje. Li te voye lame li pou te detwi tout asasen sa yo, e te mete dife nan vil pa yo.


Men nou va chache kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi sou tout trib nou yo, pou etabli non Li a tankou kote pou L ta rete, e la, nou va vini.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite