Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 72:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Anplis, l ap renye jiskaske yon lanmè rive nan yon lòt lanmè a, e soti nan Rivyè a jis rive nan dènye pwent tè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.

Gade chapit la Kopi




Sòm 72:8
10 Referans Kwoze  

Alò, Hiram, wa Tyr la, te voye sèvitè li yo kote Salomon lè li te tande ke yo te onksyone li wa nan plas a papa li, paske Hiram te konn toujou zanmi David.


Mande Mwen, e Mwen va bay Ou nasyon yo kon eritaj, jis rive nan dènye pwent latè kon posesyon pa Ou.


Li te voye branch li yo rive jis nan lanmè, ak boujon li yo jis nan Rivyè a.


Mwen va osi mete men li sou lanmè a, ak men dwat li sou rivyè yo.


Desandan li yo va dire jis pou tout tan, e twòn li va tankou solèy la devan M.


“Mwen va etabli bòn nou yo soti nan Lamè Wouj, jis rive nan lanmè Filisten yo, soti savann nan pou rive nan larivyè Lefrat paske Mwen va livre abitan peyi yo nan men nou, e nou va pouse yo ale devan nou.


Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan, ansanm ak cheval Jérusalem nan. Banza lagè a va koupe retire; Li va pale lapè a nasyon yo. Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè, e nan Rivyè Euphrate la jis pou l rive nan dènye pwent tè a.


Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite