Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 71:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Paske Lènmi m yo te pale kont mwen. Sila k ap veye pou pran lavi m yo ap pran konsèy ansanm,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Lènmi m yo ap pale m mal. Yo mete tèt yo ansanm, yo dèyè pou yo touye m.

Gade chapit la Kopi




Sòm 71:10
13 Referans Kwoze  

Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li. Li kache pou kenbe aflije yo; li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen an.


Kite SENYÈ a bay sa kon rekonpans akizatè mwen yo, ak sila ki pale mal kont nanm mwen yo.


Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, e kont onksyone pa Li a:


Paske mwen konn tande kout lang anpil moun, laperèz toupatou. Yo pran konsèy ansanm kont mwen. Yo te fè konplo pou rache lavi m.


Yo atake, yo kache, yo veye pa mwen yo. Y ap tann pou rache lavi m.


Yo fè plan malen kont pèp Ou a. Yo fè konplo ansanm kont sila ki se trezò Ou.


Si yo di: “Vini avèk nou, annou kouche yon pyèj pou san, annou fè anbiskad pou inosan yo san koz;


Paske mwen tande detripe nan zòrèy anpil moun: “Danje, danje toupatou! Denonse! Wi, annou denonse li!” Tout zanmi m ke m kon fè konfyans yo, k ap tann pou yo wè lè mwen tonbe, ap di: “Petèt nou ka mennen l, pou nou ka vin enpoze nou sou li e konsa, nou va pran vanjans sou li.”


Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò.


Saül te voye mesaje yo lakay David pou yo ta veye li, avèk entansyon pou mete l a lanmò nan maten an. Men Mical, madanm a David la te avèti li. Li te di: “Si ou pa sove lavi ou aswè a, demen ou va mete a lanmò.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite