Yo te twouve soutyen kont yo e Agarenyen yo avèk tout sila ki te avèk yo te livre nan men yo; paske yo te kriye fò a Bondye nan batay la e Li te reponn lapriyè yo, akoz yo te mete konfyans yo nan Li.
Ke sila ki pèsekite mwen yo vin wont, men pou mwen menm, pa kite mwen vin wont; kite yo twouble nèt, men pa kite m vin twouble. Mennen sou yo yon jou gwo twoub. Detwi yo ak yon destriksyon ki doub!
Paske sa twouve nan Lekriti sen an: “Byen gade, Mwen poze nan Sion yon wòch byen chwazi, yon wòch kwen prensipal la, e sila ki kwè nan Li a p ap wont.”