Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 7:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Li te fouye yon twou, kreve l nèt, e vin tonbe nan twou ke li te fè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 (16) Li fouye yon gwo twou byen fon nan tè a. Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li.

Gade chapit la Kopi




Sòm 7:15
19 Referans Kwoze  

Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.


Yo plante mal la, e yo rekòlte inikite; epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”


Selon sa ke mwen menm te wè, sila ki raboure inikite yo, ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.


Konsa, ou ta menm tire osò pou òfelen yo e fè twòk pou zanmi ou.


Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo. Kite yo kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.


Awogan yo fin fouye fòs yo pou mwen, Sila ki pa an akò ak lalwa Ou yo.


Kite mechan yo tonbe nan pwòp filè yo, pandan mwen pase akote.


Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo; Nanm mwen koube ba. Yo te fouye yon fòs devan m. Yo te tonbe nan mitan li. Tan


pou Ou kapab bay li sekou nan jou advèsite yo, jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo.


Sila ki fouye fòs la va tonbe ladann, e sila ki woule wòch la, sou li menm l ap retounen.


Pwòp inikite a mechan an va kaptire li. Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.


Nou te ansent pay, e nou va akouche pay. Souf Mwen va manje nou tankou dife.


Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati, ni ki fè plent ak entegrite. Yo mete konfyans nan vanite, e yo pale manti. Yo simen mal e yo rekòlte mechanste.


Èske se ak mal ke yon moun dwe rekonpanse pou sa ki bon? Paske se yon fòs yo fin fouye pou mwen. Sonje kijan mwen te kanpe devan Ou, pou pale sa ki bon pou yo menm, pou m ta ka fè kòlè Ou vire kite yo.


Epi Darius, wa a te ekri a tout pèp yo, nasyon ak lang ki t ap viv nan tout peyi a: “Ke lapè ou kapab vin miltipliye!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite