Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 66:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Chante glwa a non Li! Ranpli lwanj Li ak laglwa!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li!

Gade chapit la Kopi




Sòm 66:2
17 Referans Kwoze  

Konsa, Levit yo, Josué, Kadmiel, Bani, Haschabnia, Schérébia, Hodija, Schebania, avèk Pethachja te di: “Leve pou beni SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan! O ke non Ou ki se leve wo sou tout benediksyon yo ak lwanj yo ranpli ak glwa kapab beni.


Se kilès ki kab pale sou zèv pwisan a SENYÈ yo, Oswa fè vin parèt tout lwanj Li yo?


Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou Lanmou dous Li a ak pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!


Anplis, kite yo ofri sakrifis a remèsiman yo e pale sou afè zèv Li yo ak chan lajwa.


A Sila ki vwayaje monte sou pi wo syèl la, ki la depi nan tan ansyen yo. Gade byen, Li pale ak gwo vwa, yon vwa plen pwisans.


Beni se SENYÈ Bondye a, Bondye Israël la! Li sèl ki fè mèvèy!


Fè nou sekou, O Bondye sali nou an, pou glwa a non Ou. Delivre nou e padone peche nou yo, pou koz a non Ou.


Kite yo bay glwa a SENYÈ a e deklare lwanj Li nan peyi kot yo.


Rele fò ak jwa, O syèl yo! Rejwi, O latè! Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo! Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.


Youn te rele a yon lòt epi te di: “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo; tout latè plen ak glwa Li.”


Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite