“Sonje koulye a, O SENYÈ a, mwen sipliye Ou, jan mwen te mache devan Ou anverite avèk tout kè m nan, ak jan mwen te fè sa ki bon nan zye Ou a.” Epi Ézéchias te kriye byen anmè.
Sila ki rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen. Sila ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m. Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.