Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 59:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Se pa akoz mwen koupab ke yo vin kouri mete yo kont mwen an. Leve Ou menm pou wè, e fè m sekou!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 (5) Malgre mwen inonsan, y'ap kouri, y'ap pare tann mwen! Leve non! Vin bò kote mwen! Gade yo!

Gade chapit la Kopi




Sòm 59:4
13 Referans Kwoze  

Paske mwen te kidnape nan peyi Ebre yo, e menm isit la mwen pa t fè anyen pou yo ta dwe mete m nan prizon.”


Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen. Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.


Reveye Ou! Reveye Ou pou dwa m ak koz mwen, Bondye mwen ak SENYÈ mwen.


Leve Ou menm! Poukisa Ou ap dòmi, O SENYÈ? Leve nan dòmi! Pa rejte nou nèt.


Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo. SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san, ki twonpe moun.


Akoz mechanste sa a, jete yo deyò. Nan kòlè Ou, fè desann moun sa yo, O Bondye!


Paske pye yo kouri jwenn mal, e yo fè vit pou yo vèse san.


“Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a; leve tankou nan jou lansyen yo. Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a, ki te frennen dragon an nèt la?


Pye pa yo kouri vè mal, e yo fè vit pou vèse san inosan an. Panse pa yo se panse inikite, e destriksyon ak dega sou chemen yo.


Alò, konsa, ou menm avèk konsèy la avèti kòmandan an pou l mennen l desann kote nou, kòmsi nou t ap pral detèmine ka li a pi pre. E pou pati pa nou, nou prè pou touye l avan li rive pre kote a.”


pye yo kouri rapid pou fè san koule.


Konsa, Jonathan te pale ak Saül, papa li, kèk bon pawòl sou David. Li te di li: “Pa kite wa a peche kont sèvitè li, David. Paske li menm pa t peche kont ou; akoz zèv pa li yo, li te ede ou anpil.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite